Filipyen 1:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen7 Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m. Gade chapit la1998 Haïtienne7 Se tou nòmal pou m fè lide konsa sou nou, paske nou toujou nan lespri m, nou tout ki kanpe la avè m nan tout favè Bondye fè m, kit lè mwen nan prizon tankou kounyeya, kit lè mwen te lib pou m defann bòn nouvèl la, pou m moutre se laverite li ye. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil7 M gen rezon pou m panse de nou tout konsa, paske m pote nou nan kè m. Nou tout te ede m nan tout favè Bondye fè m, non sèlman pandan m nan prizon an, men tou, lè m te lib epi m t ap defann mesaj Levanjil la nan montre moun chemen verite a. Gade chapit la |