Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Filipyen 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Mwen pran Bondye sèvi m temwen, sa m'ap di nou la a se vre wi. Mwen renmen nou tout anpil anpil avèk renmen ki sòti nan Jezikri.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Se sèl Bondye ki konnen kijan m anvi wè nou. Mwen renmen nou tout ak lanmou Jezikris la.

Gade chapit la Kopi




Filipyen 1:8
24 Referans Kwoze  

Konsa, frè byeneme mwen yo, ke mwen trè anvi wè, nou menm ki lajwa m ak kouwòn mwen yo, se konsa pou nou kanpe fèm nan Senyè a, byeneme mwen yo.


Paske Bondye ke mwen sèvi nan lespri mwen lè m preche levanjil Fis Li a, se temwen m ke m ap nonmen non nou san rete nan lapriyè mwen yo.


avèk lanvi pou m wè ou menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.


Avèk bon jan afeksyon ke nou te gen pou nou an, nou te byen kontan pataje non sèlman levanjil a Bondye a, men osi pwòp lavi nou, paske nou te devni trè chè a nou menm.


M ap di nou verite nan Kris la, mwen p ap bay manti. Konsyans mwen temwaye pou mwen nan Lespri Sen an,


Mwen voye li tounen kote ou an pèsòn. Sa vle di, se kè m menm ke m voye a.


Èske Éphraïm se fis Mwen? Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi? Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou; konsa kè M gen gwo dezi pou li. Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.


Paske mwen vle fè nou konnen jan lit la gran pou nou menm ansanm ak sila ki Laodicée yo, e menm pou tout sila ki pa t, pèsonèlman, wè figi mwen yo;


Pitit mwen yo, ak nou m ap fè doulè akouchman nou ankò, jiskaske Kris fòme nan nou—


(Alò, nan sa ke m ap ekri nou an, mwen bannou asirans devan Bondye ke mwen p ap bay manti.)


Afeksyon Li anvè nou ap vin plis toujou lè li sonje obeyisans nou tout, jan nou te resevwa li avèk lakrent e avèk tranbleman.


Nou pa anpeche nou, men ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w.


Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an, k ap fè Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou.


Gade anba depi nan syèl la e wè soti nan abitasyon sen Ou ki plen ak glwa Ou. Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo? Santiman a kè ou ak konpasyon Ou te vin anpeche de mwen.


Pou sa, kè mwen sone tankou ap pou Moab ak santiman anndan mwen pou Kir-Haréseth.


Men nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li?


Wi, frè m, kite m benefisye de ou nan Senyè a. Rafrechi kè m nan Kris la.


Paske nou pa t janm vini avèk pawòl k ap flate moun, jan nou konnen an, ni avèk yon pretèks pou fè lajan (Bondye se temwen)


Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans;


Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad.


Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon,


Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab vin konplè.


Menm koulye a, gade byen, temwen m se nan syèl la. Avoka m ki pale pou mwen la, an anwo.


Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite