26 Epi li te plase lotèl lò a nan tant reyinyon an pa devan vwal la.
26 Li mete lotèl an lò a nan Tant Randevou a, devan rido a.
“Anplis, ou va plase lotèl lò a pou lansan devan lach temwayaj la, e ou va monte vwal la pou pòtay tabènak tant reyinyon an.
Konsa, prèt la va fonse dwèt li nan san an, e flite kèk nan san an sèt fwa devan SENYÈ a, devan vwal sanktiyè a.
Moun avèg! Kilès ki pi enpòtan, ofrann sou lotèl la, oubyen lotèl la ki sanktifye lofrann nan?
Mwen te konnen ke Ou tande M tout tan, men akoz pèp la ki kanpe antoure M, Mwen te di sa, pou yo kapab kwè ke Ou te voye Mwen.”
Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vrè fòm a bagay sa yo, pa janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo.
Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou entèsede pou yo.
Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat.