25 Li te limen lap yo devan SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
25 Li ranje ti lanp yo devan Senyè a, dapre lòd Senyè a te bay Moyiz.
“Alò, ou va fè sèt lanp e yo va monte yo nan yon sans k ap voye limyè sou espas ki devan li an.
Alò, li te mete chandelye a nan tant reyinyon an, sou kote sid tabènak la.
Ou va mennen tab la antre, e ou va ranje li avèk sa ki dwe sou li. Konsa, ou va mennen fè lantre chandelye a, e lime lanp li yo.
“Pale avèk Aaron e di li: ‘Lè ou monte lanp yo, sèt lanp sa yo va bay limyè pa devan chandelye a.’”
Konsa, Aaron te fè sa. Li te monte lanp pa li a pa devan chandelye a, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Sòti nan twòn nan se te gwo kout ekleraj, gwo son loraj, ak gwo kout tonnè. Konsa, te gen sèt lanp dife ki t ap brile devan twòn nan, ki se sèt Lespri Bondye yo.