Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 39:39 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

39 lotèl an bwonz lan ak griyaj bwonz pa li, avèk poto pa li yo ak tout bagay itil li yo, basen lave a avèk baz li;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

39 lotèl fèt an kwiv la avèk griyaj an kwiv la, manch yo ak tou sa ki pou sèvi ak lotèl la, basin lan ak pye li a,

Gade chapit la Kopi




Egzòd 39:39
7 Referans Kwoze  

Nan menm jou sa a, wa a te konsakre lakou mitan ki te devan kay SENYÈ a, akoz se la li te ofri ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, e grès a ofrann lapè yo. Paske lotèl bwonz ki te devan SENYÈ a te twò piti pou kenbe ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, avèk grès a ofrann lapè yo.


“Ou va fè lotèl la avèk bwa akasya, senk koude nan longè, e senk koude nan lajè. Lotèl la va fèt kare, e wotè li va twa koude.


Ou va fè pou li yon griyaj, yon èv trese an bronz. Epi nan très yo ou va fè kat wondèl an bwonz nan kat kwen li yo.


Ou va osi fè yon basen lave an bwonz, avèk yon baz an bwonz, pou lave. Ou va mete li antre tant reyinyon an avèk lotèl la, e ou va mete dlo ladann.


Avèk li, li te fè baz reseptikal yo pou pòtay tant reyinyon an, lotèl bwonz lan avèk griyaj an bwonz li, ak tout bagay itil pou lotèl yo,


epi lotèl fèt an lò a, lwil onksyon an, lansan santi bon an, ak vwal pou pòtay tant lan;


afè pandye yo pou galeri a, pilye li yo, baz reseptikal li yo, rido pou pòtay galeri a, kòd li yo, pikèt li yo, ak tout afè pou sèvis tabènak la, pou tant reyinyon an;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite