Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 39:38 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

38 epi lotèl fèt an lò a, lwil onksyon an, lansan santi bon an, ak vwal pou pòtay tant lan;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

38 lotèl fèt an lò a, lwil pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, lansan ki santi bon an ak rido pou fèmen kote pou antre nan tant lan,

Gade chapit la Kopi




Egzòd 39:38
11 Referans Kwoze  

Gade byen, mwen prè pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye a, pou l dedye a Li menm, pou brile lansan santi bon devan L, pou plase pen konsakre tout tan e pou ofri ofrann brile ni nan maten, ni nan aswè, nan Saba avèk nouvèl lin ak nan fèt etabli a SENYÈ a, Bondye nou an, sila kòm egzije jis pou tout tan an Israël.


lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon, e pou lansan santi bon


“Anplis, ou va fè yon lotèl kòm yon plas pou brile lansan. Ou va fè li avèk bwa akasya.


Anplis, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:


Ou va kouvri li avèk yon kouch fen an lò; tèt li e akote li, toupatou ansanm avèk kòn li yo; epi ou va fè yon bòdi lò pou antoure li nèt.


“Aaron va brile lansan ki santi bon sou li. Li va brile li chak maten lè l ap pran swen lanp yo.


lwil onksyon an osi, ak lansan santi bon pou lye sen an. Yo va fèt selon tout sa ke M te kòmande ou yo.”


avèk lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon an e pou lansan santi bon an,


Epi li te fè lwil sen pou onksyone a, ak lansan santi bon an avèk epis yo, èv a yon mèt ouvriye ki konn fè melanj pafen.


chandelye fèt an lò pi a, avèk aranjman pou lanp yo ak tout bagay itil li yo, ak lwil pou limyè a;


lotèl an bwonz lan ak griyaj bwonz pa li, avèk poto pa li yo ak tout bagay itil li yo, basen lave a avèk baz li;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite