Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 30:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Ou va pale avèk fis Israël yo. Ou va di: “Sa va yon lwil ki sen a Mwen pandan tout jenerasyon nou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 W'a pale ak pitit Izrayèl yo, w'a di yo: Nou wè lwil sa a! Se ak li pou nou sèvi, pitit an pitit, pou nou konsakre moun osinon bagay pou mwen.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 30:31
7 Referans Kwoze  

Mwen te twouve David, sèvitè Mwen an. Avèk lwil sen Mwen an, mwen te onksyone l.


Ou va pran kèk nan san ki sou lotèl la ak kèk nan lwil onksyon an, e ou va flite li sou Aaron ak sou vètman li yo, sou fis li yo ak sou vètman ki pou fis li yo avèk li. Konsa li menm va vin konsakre; li menm, avèk vètman li yo avèk fis li yo, ak vètman a fis li yo.


Ou va vide lwil sou Aaron avèk fis li yo, e ou va konsakre yo, pou yo kapab sèvi pou Mwen kòm prèt.”


Li pa pou vide sou kò a okenn moun, ni ou pa pou fè okenn bagay ki sanblab ak li nan menm mezi melanj lan. Li sen, e li va sen pou ou menm.


Epi li te fè lwil sen pou onksyone a, ak lansan santi bon an avèk epis yo, èv a yon mèt ouvriye ki konn fè melanj pafen.


“‘Prèt ki se wo prèt pami frè li yo, sou tèt sila lwil onksyon an te vide a, e sila ki te konsakre pou abiye avèk vètman yo, pa pou dekouvri tèt li, ni chire rad li.


Konsa, li te vide kèk nan lwil onksyon an sou tèt Aaron, e li te onksyone li, pou konsakre li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite