Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 30:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Ou va vide lwil sou Aaron avèk fis li yo, e ou va konsakre yo, pou yo kapab sèvi pou Mwen kòm prèt.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 Lèfini, w'a vide lwil la sou Arawon ak sou pitit li yo tou. Konsa w'a konsakre yo pou sèvi mwen prèt.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 30:30
11 Referans Kwoze  

Konsa, li te vide kèk nan lwil onksyon an sou tèt Aaron, e li te onksyone li, pou konsakre li.


Alò, Moïse te pran kèk nan lwil onksyon an e kèk nan san ki te sou lotèl la, e li te flite li sou Aaron, sou vètman pa li, sou fis li yo, sou vètman pou fis li yo avèk pa li a. Konsa, li te konsakre Aaron, vètman li yo, fis li yo ak vètman a fis li yo ansanm avèk li menm.


Ou va pale avèk tout moun ki kapab yo, sa yo ke M te bay yon lespri sajès, pou fè vètman Aaron yo pou konsakre li, pou li kapab sèvi Mwen kòm prèt.


Sa yo se non a fis Aaron yo, prèt onksyone ke li te konsakre pou sèvi kòm prèt yo.


Konsa, ou va onksyone yo jis jan ke ou te onksyone papa yo, pou yo kapab vin sèvi kòm prèt pou Mwen. Onksyon pa yo va kalifye yo kòm prèt pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.”


Ou va mete yo sou Aaron, frè ou a, sou fis li yo avèk li, epi ou va vide lwil sou yo pou fè òdonasyon yo e konsakre yo, pou yo kab sèvi Mwen kòm prèt.


“Ou va osi konsakre yo, pou yo kapab vin sen pase tout bagay. Nenpòt moun ki touche yo dwe sen.


Ou va pale avèk fis Israël yo. Ou va di: “Sa va yon lwil ki sen a Mwen pandan tout jenerasyon nou yo.


Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwoch Mwen yo, e devan tout pèp la Mwen va onore.’” Konsa, Aaron te gade silans.


Se tankou lwil presye ki koule sou tèt, vin desann jis sou bab, menm bab Aaron, vin desann rive sou kote vètman li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite