27 Konsa, Moïse te di bòpè li orevwa, e li te fè wout li pou ale nan peyi li.
27 Apre sa, Moyiz kite bòpè l la pati. Epi Jetwo tounen tounen l nan peyi l.
Konsa yo te voye Rebecca, sè yo a ale, avèk bòn li yo, sèvitè Abraham nan ak mesye pa li yo.
Granmmaten, Laban te leve. Li te bo fis li yo ak fi li yo, e li te beni yo. Alò, Laban te retounen nan plas li.
Lè nonm nan te leve ansanm avèk mennaj li ak sèvitè li a, bòpè li te di li: “Men gade, jou a prèt pou rive; souple, pase nwit lan isit la pou kè ou kapab kontan. Epi demen ou kapab leve bonè pou vwayaje ale lakay ou.”
Konsa, li te pati kote li te ye, de bèlfi li yo te avèk li. Epi yo te fè wout la pou retounen nan peyi Juda.