Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 19:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Nan twazyèm mwa apre fis Israël yo te soti nan peyi Égypte la, nan jou sa a menm, yo te vin antre nan dezè Sinaï a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Moun Izrayèl yo te gen de mwa depi yo te sòti kite peyi Lejip la. Premye jou twazyèm mwa a, yo rive nan dezè Sinayi a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 19:1
16 Referans Kwoze  

“Mwa sa a va vin premye nan mwa yo pou nou. Li va premye mwa nan ane a pou nou.


Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la selon lòd lame pa yo.


Nou va kenbe li jis rive nan katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè.


Alò, yo te kite Élim, e tout asanble fis Israël yo te vini nan dezè Sin, ki te antre Élim ak Sinai an. Sa te fèt nan kenzyèm jou dezyèm mwa apre depa yo nan peyi Égypte la.


Li te di: “Anverite, Mwen va avèk ou. Men sign a ou menm ke se Mwen ki te voye ou; lè ou fin mete pèp la deyò Égypte, ou va adore Bondye sou mòn sila a.”


“Nan premye jou mwa a ou va monte tabènak tant reyinyon an.


Konsa, Mwen te retire yo nan peyi Égypte pou te mennen yo nan dezè a.


SENYÈ a te pale a Moïse nan dezè Sinaï a, nan tant asanble a, nan premye jou a dezyèm mwa a, nan dezyèm ane lè yo te fin sòti nan peyi Égypte la. Li te di:


Konsa, fis Israël yo te pati nan vwayaj yo soti nan dezè a Sinaï a. Epi nwaj la te vin tan nan dezè Paran an.


Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan dezè Sinaï a. Li te di:


Yo te vwayaje soti nan Rephidim pou te fè kan nan dezè Sinaï a.


“SENYÈ a, Bondye nou an, te pale avèk nou isit la nan Horeb, e Li te di: ‘Nou gen tan rete la a nan mòn sa pou ase de tan.


Sonje jou ke ou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye ou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’


“Pou sa, veye tèt nou, akoz ke nou pa t wè okenn fòm nan jou ke SENYÈ a te pale avèk nou nan Horeb la, soti nan mitan dife a,


SENYÈ a, Bondye nou an, te fè yon akò avèk nou nan Horeb.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite