Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 4:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Konsa, Li te deklare bay nou akò ke Li te kòmande nou pou fè a, sa vle di, Dis Kòmandman yo. Li te ekri yo sou de tab an wòch.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Senyè a te fè nou konnen kontra li te pase ak nou an. Li mande nou pou nou kenbe l. Li te ekri dis kòmandman yo sou de wòch plat yo, li mande pou nou swiv yo.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 4:13
18 Referans Kwoze  

Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo wòch ke Moïse te mete la nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo, lè yo te sòti nan peyi Égypte la.


Ou te òdone règleman Ou yo, pou nou ta kenbe yo ak dilijans.


Alò, koulye a, si nou obeyi vwa Mwen, e kenbe akò Mwen, alò nou va pwòp posesyon pa M pami tout pèp yo. Paske tout latè se pou Mwen.


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Vin monte vè Mwen nan mòn nan e rete la, epi Mwen va bay ou tab wòch yo avèk lalwa ak kòmandman ke M te ekri pou enstwi yo.”


“Lè Li te fin pale avèk li sou Mòn Sinai a, Li te bay Moïse de tablèt temwayaj la. Tablèt yo te fèt an wòch, e yo te ekri pa dwèt SENYÈ a.”


Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Taye pou kont ou de tablèt an wòch tankou sa nou te genyen yo. Mwen va ekri sou tablèt yo pawòl ki te sou lòt ke ou te kraze yo.


Li te la avèk SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit. Li pa t manje pen, ni bwè dlo. Konsa, li te ekri sou tablo yo avèk pawòl akò yo, dis kòmandman yo.


Yo se Izrayelit ki te resevwa adopsyon kòm fis yo, ak laglwa akò yo, don Lalwa a, sèvis nan tanp lan, ak tout pwomès yo;


Men si zèv lanmò a, ak lèt la byen grave sou wòch te vini avèk glwa, jis pou fis Israël yo pa t kapab fikse atansyon yo sou figi Moïse akoz de glwa a figi li, malgre briyans lan te kòmanse ap bese,


Epi SENYÈ a te pale avèk nou soti nan mitan dife a: nou te tande son pawòl yo, men nou pa t wè okenn fòm——sèlman yon vwa.


SENYÈ a te kòmande mwen nan tan sa a pou enstwi nou lwa avèk règleman li yo, pou nou ta kapab fè yo nan peyi kote nou pral travèse pou posede a.


“Pawòl sa yo SENYÈ a te pale avèk tout asanble nou yo nan mòn nan soti nan mitan dife a, nan nwaj la nan gwo fènwa a, avèk yon gwo vwa. Li pa t mete anyen anplis. Li te ekri yo sou de tablo wòch e Li te ban mwen yo.


Li gen yon lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite