Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 4:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Epi SENYÈ a te pale avèk nou soti nan mitan dife a: nou te tande son pawòl yo, men nou pa t wè okenn fòm——sèlman yon vwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Senyè a rete nan mitan dife a li pale ak nou. Se bri bouch li ase nou te tande ap pale.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 4:12
24 Referans Kwoze  

SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, Mwen va vini kote ou nan yon nwaj byen fonse, pou pèp la kapab tande lè M pale avèk ou, e pou yo kapab kwè nan ou pou tout tan.” Alò, Moïse te di SENYÈ a pawòl a pèp la.


Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Konsa ou va pale avèk fis Israël yo: ‘Nou menm, nou gen tan wè ke Mwen te pale avèk nou depi nan syèl la.


Nenpòt lè ou vire adwat oswa agoch, zorèy nou va tande yon pawòl dèyè nou: “Sa se chemen an, mache ladann”.


A kilès, alò, nou ta konpare Bondye? Oswa avèk ki imaj nou ta fè L sanble?


Yon vwa k ap rele fò, “Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a! Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.


Yon vwa pale: “Rele fò.” Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?” “Tout chè se zèb, e tout bèlte li se tankou flè nan chan.


Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”


Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”


Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”


Paske sila a se de li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: “Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan, Prepare chemen Bondye a! Fè chemen Li yo dwat”!


Li te ekri sou tab yo tankou premye ekriti a, Dis Kòmanman ke SENYÈ a te pale a nou menm sou mòn nan soti nan mitan dife a nan jou asanble a; epi SENYÈ a te ban mwen yo.


“Nou te pwoche e ou te kanpe nan pye mòn nan. Mòn nan te brile avèk dife jis rive nan kè syèl la: tenèb, nwaj avèk fènwa.


Konsa, Li te deklare bay nou akò ke Li te kòmande nou pou fè a, sa vle di, Dis Kòmandman yo. Li te ekri yo sou de tab an wòch.


“Pou sa, veye tèt nou, akoz ke nou pa t wè okenn fòm nan jou ke SENYÈ a te pale avèk nou nan Horeb la, soti nan mitan dife a,


Èske okenn pèp te janm tande vwa Bondye pale ak yo soti nan mitan dife, jan nou te tande l e viv la?


Soti nan syèl yo, Li te kite nou tande vwa Li pou korije nou; epi sou latè, Li te kite nou wè gran dife Li a; epi nou te tande pawòl Li soti nan mitan dife a.


“Pawòl sa yo SENYÈ a te pale avèk tout asanble nou yo nan mòn nan soti nan mitan dife a, nan nwaj la nan gwo fènwa a, avèk yon gwo vwa. Li pa t mete anyen anplis. Li te ekri yo sou de tablo wòch e Li te ban mwen yo.


“SENYÈ a te pale fasafas avèk nou nan mòn nan soti nan mitan dife a,


SENYÈ a te ban mwen de tab wòch ki te ekri ak dwèt Bondye. Sou yo te tout pawòl ke SENYÈ a te pale avèk nou nan mòn nan, nan mitan dife a nan jou asanble a.


Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an.


ni a gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite