Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 15:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Sèlman, nou p ap bwè san li. Nou dwe vide li atè tankou dlo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Tansèlman, piga nou manje san l. Se pou nou vide tout san an atè tankou dlo.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 15:23
12 Referans Kwoze  

“Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li.


Pou sa, pale yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nou manje vyann ak san ladann; nou leve zye nou vè zidòl yo pandan n ap vèse san. Èske konsa, nou ta dwe vin posede peyi a?


“‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’


“‘Nou pa pou manje anyen avèk san ki rete nan li. Nou pa pou pratike maji ni divinasyon zetwal ni predi evenman k ap vin rive.


Nou pa pou bwè okenn san, ni san zwazo, ni san bèt, ni okenn san nan abitasyon nou yo.


men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san.


“Malgre sa, nou gen dwa touye e manje vyann anndan nenpòt nan pòtay nou yo, nenpòt sa ke nou dezire, selon benediksyon SENYÈ a, Bondye nou an, sa ke Li te bannou. Sila ki pa pwòp, ak sila ki pwòp kapab manje ladann, tankou antilop la ak sèf la.


Sepandan, nou pa pou bwè san an; nou dwe vide li atè tankou dlo.


“Sèlman, fè sèten ke nou pa bwè san an, paske san an se lavi, e nou p ap bwè lavi avèk chè a.


Nou p ap bwè li. Nou va vide li atè tankou dlo.


Pèp la te kouri avèk gwo anvi sou piyaj la. Yo te pran mouton yo avèk gwo bèf ak ti bèf yo, yo te touye yo atè a, e yo te manje yo avèk san an.


Alò, yo te pale Saül e te di: “Gade byen, pèp la ap peche kont SENYÈ a pandan yo manje avèk san an.” Epi li te di: “Nou te aji kòm trèt; woule yon gwo wòch kote mwen jodi a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite