Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 9:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di: “O SENYÈ, Gran Bondye ki etonnan la, ki kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Mwen lapriyè nan pye Senyè a, Bondye mwen an. Mwen louvri kè m ba li, mwen mande l padon pou pèp mwen an. Mwen di: — Senyè, Bondye, ou gen gwo pouvwa, tout moun fèt pou gen krentif pou ou. Ou kenbe pwomès ou, ou pa janm sispann renmen moun ki renmen ou epi ki kenbe kòmandman ou yo.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 9:4
30 Referans Kwoze  

Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen Bondye tankou Ou nan syèl la anwo, ni sou latè anba, k ap kenbe akò e montre lanmou dous a sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo,


epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.


Alò, pandan Esdras t ap priye e t ap fè konfesyon, t ap kriye e pwostène li devan lakay Bondye a, yon trè gran asanble, gason, fanm, ni timoun, te rasanble vè li soti an Israël; paske pèp yo te kriye byen anmè.


Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,


Alò, pou sa, Bondye Nou an, Bondye gran, pwisan e mèvèy la, ki kenbe akò li avèk Lanmou dous, pa kite tout twoub sa yo vin bliye devan Ou, ki te vin rive sou nou, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo, papa zansèt nou yo, ak sou tout pèp Ou yo, depi nan jou wa Assyrie yo, jis rive jodi a.


Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou, e inikite mwen, mwen pa t ankò kache. Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”, epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.


men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.


Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a.


Yo te antre e te pran posesyon li, men yo pa t obeyi a vwa Ou, ni mache nan lalwa Ou. Yo pa t fè anyen nan tout sa Ou te kòmande yo fè yo. Pou sa, Ou fè tout malè sa a rive sou yo.


Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te kon fè oparavan an.


Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.


pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo, e pou sonje akò sen Li an,


Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.


men ki montre lanmou dous a anpil milye, a sila ki renmen Mwen yo e ki kenbe kòmandman Mwen yo.


“Epi li va vin rive ke akoz nou te koute jijman sa yo, nou te kenbe e te fè yo, ke SENYÈ Bondye nou an, va kenbe nou avèk akò Li ak lanmou dous ke Li te sèmante vè zansèt nou yo.


Nou pa pou pè yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, yon gran Bondye ki mèvèye.


“Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,


Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.


Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite