Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Danyèl 9:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 nou te peche; nou te komèt inikite. Nou te aji ak mechanste e nou te fè rebèl, jiskaske nou vire kite kòmandman Ou yo ak règleman Ou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Nou peche, nou fè mechanste, nou fè sa ki mal, nou vire do ba ou, nou pa fè sa ou te mande nou fè, ni sa ou te ban nou lòd fè.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 9:5
31 Referans Kwoze  

Depi nan jou a papa zansèt nou yo, nou te vire kite règleman Mwen yo, e nou pa t kenbe yo. Retounen vin jwenn Mwen, e Mwen va retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou va retounen vin jwenn Ou an?’


Anverite tout Israël te transgrese lalwa Ou a, te vire akote e pa t obeyi vwa Ou. Konsa, malediksyon te vide sou nou, ansanm ak sèman ki ekri nan lalwa Moïse, sèvitè Bondye a, paske nou te peche kont Li.


Konsa, Senyè, Bondye nou an, ki te mennen pèp Ou a sòti nan peyi Egypte la ak yon men pwisan, e te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye nan jou sa a, nou te peche. Nou te fè mechanste.


Nou te peche menm jan ak papa zansèt nou yo. Nou te fè inikite; nou te aji mal.


Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an.


Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”


Nan moman sa a, sila ki te chape yo va sonje Mwen pami nasyon yo kote yo pote kon kaptif yo. A la blese Mwen blese pa kè adiltè yo, ki te vire kite Mwen e pa zye yo, ki te fè pwostitiye dèyè zidòl yo. Yo va rayi tèt yo nan pwòp zye yo pou mechanste ke yo te komèt yo, pou tout abominasyon yo.


Gade, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub. Lespri m twouble anpil; kè m boulvèse anndan m, paske mwen te fè rebèl anpil. Nan lari, se nepe k ap touye; nan kay, se tankou lanmò.


Malgre inikite nou yo temwaye kont nou, O SENYÈ, aji pou koz a non Ou! Rebelyon nou anpil. Nou te peche kontre Ou.


Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a, epi mwen pa t janm kite Bondye mwen an.


Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvre nou. Paske nou te peche kontre Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.


Nou fè rebèl e nou nye SENYÈ a. Nou vire kite Bondye nou an, ak pawòl opresyon ak rebèl. Nan kè a, nou fòmante e fè vin parèt pawòl manti.


Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo. Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou, men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.


Mwen pa t vire kite règleman Ou yo, paske se Ou menm ki te enstwi m.


Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo.


Mwen te vin egare tankou yon mouton pèdi. Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.


akoz mechanste ke yo te fè pou pwovoke M a lakòlè, akoz yo te kontinye brile sakrifis pou sèvi lòt dye ke yo pa t konnen, ni yo, ni nou menm, ni zansèt nou yo.


SENYÈ a jis; paske mwen te fè rebèl kont lòd Li. Tande koulye a, tout pèp yo e gade byen doulè m nan. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te antre an kaptivite.


Nou te peche e nou te fè rebèl; Ou pa t padone.


A Senyè Bondye nou an, se Mizerikòd ak padon akoz nou te fè rebèl kont Li.


paske yo pa t obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye pa yo a, men yo te transgrese akò pa Li a, menm tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande yo. Yo pa t koute yo, ni fè yo.


akoz yo te fè mal devan zye Mwen e te pwovoke Mwen a lakòlè soti jou ke zansèt pa yo te sòti an Égypte la, menm rive jodi a.’”


Depi nan jou ansyen yo, yo pa t tande ni sezi ak zorèy, ni zye pa t wè yon Bondye sof ke Ou, k ap aji pou sila k ap tann Li an.


Nou konnen mechanste nou yo, O SENYÈ, inikite a papa zansèt nou yo, paske nou te peche kont Ou.


Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou, yo pa chache ou; paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi, ak pinisyon a yon moun ki mechan, akoz inikite ou gran e peche ou anpil.


Men li te fè rebèl kont lòd Mwen yo pi mal pase nasyon yo, e kont règleman Mwen yo, plis ke peyi ki antoure li yo. Paske yo te rejte lòd Mwen yo, e pa t mache nan règleman Mwen yo.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite