Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 4:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 O Beltschatsar, chèf majisyen yo, akoz mwen konnen ke lespri a dye sen yo nan ou e nanpwen mistè ki difisil pou ou fè m konnen vizyon a rèv mwen ke m te fè yo, ansanm ak entèpretasyon li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Mwen di l: Bèltechaza, ou menm ki chèf majisyen yo, mwen konnen ou gen lespri bondye yo nan ou, kifè pa gen mistè ou pa konprann. Men sa mwen te wè nan rèv mwen te fè a. Di m kisa li vle di:

Gade chapit la Kopi




Danyèl 4:9
18 Referans Kwoze  

Alò, Farawon te di a sèvitè li yo: “Èske nou kapab twouve yon lòt moun konsa, nan sila a ki gen Lespri Bondye?”


Kè ou va medite sou gwo laperèz la. “Kote sila ki te konte a? Kote sila ki te peze a? Kote sila ki te konte fò yo?”


Nan ladwati, ou va etabli; ou va rete lwen opresyon, paske ou p ap gen lakrent. Ou p ap gen gwo laperèz, paske li p ap pwoche ou.


Sou mòn byen wo Israël la, Mwen va plante li, pou li kapab pwodwi gwo branch, bay fwi e devni yon gwo pye sèd byen bèl. Epi zwazo de tout kalite yo va fè nich yo anba li. Yo va pran repo nan lonbraj branch li yo.


gade byen, ou pi saj ke Daniel. Nanpwen sekrè ki twò difisil pou ou.


Pou chak sikonstans ke wa a te konsilte yo pou sajès ak bon konprann, li te twouve yo dis fwa pi bon ke tout majisyen ak mèt zetwal ki te nan tout wayòm li a.


Wa a te reponn Daniel. Li te di: “Anverite, Bondye ou a se yon Dye a tout dye yo, yon Senyè a wa yo, e youn ki devwale mistè yo; paske ou te vin gen kapasite pou revele mistè sila a.”


Konsa, wa a te Leve Daniel, te bay li anpil gwo kado. Li te fè li chèf sou tout pwovens a Babylone yo, e li te vin chèf an tèt a tout mesye saj a Babylone yo.


Sa se rèv ke mwen menm, Nebucadnetsar, te fè. Alò, ou menm, Beltschatsar, ou fè m konnen entèpretasyon li, kòmsi nanpwen lòt moun pami mesye saj wayòm mwen yo ki kapab fè m konnen entèpretasyon an. Men ou menm, ou kapab, paske lespri a dye sen yo nan ou.”


Mwen te fè yon rèv e li te fè m gen gwo laperèz; epi refleksyon sila yo sou kabann mwen ak vizyon yo nan panse m te fè m gen gwo laperèz.


Men finalman, Daniel te antre devan m, ke non li te Beltschatsar, selon non dye pa mwen an e nan sila lespri a dye sen yo ye a. Mwen te pale rèv la a li menm, e te di:


Gen yon nonm nan wayòm ou a, nan li menm twouve lespri a dye sen yo; epi nan jou a papa ou yo, limyè, bon konprann, ak sajès tankou sajès a dye yo te twouve nan li. Epi Wa Nebucadnetsar, papa ou, Wa a, te chwazi li chèf sou majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo.


Malè a nou menm! Kilès k ap delivre nou nan men a dye pwisan sa yo? Sila yo se dye ki te frape Ejipsyen yo avèk tout kalite fleyo nan dezè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite