Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 4:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men finalman, Daniel te antre devan m, ke non li te Beltschatsar, selon non dye pa mwen an e nan sila lespri a dye sen yo ye a. Mwen te pale rèv la a li menm, e te di:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Apre sa, Danyèl vini devan mwen. Yo te ba li yon lòt non dapre non bondye mwen an: Yo te rele l Bèltechaza. Li gen lespri bondye yo 1pt nan li. Mwen rakonte l rèv mwen te fè a.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 4:8
14 Referans Kwoze  

Alò, Farawon te di a sèvitè li yo: “Èske nou kapab twouve yon lòt moun konsa, nan sila a ki gen Lespri Bondye?”


Bel vin pwostène, Nebo koube nèt. Imaj pa yo kon pote sou bèt; menm sou tout kalite bèt domestik. Bagay ke nou pote yo se chaj lou; yon fado ki pèze sa yo ki fatige.


Men konsa, Li a te vin sonje ansyen jou yo ak Moïse e pèp Li. Li te di “Kote Li, Sila ki te fè yo monte sòti nan lanmè ak bèje a bann mouton Li yo? Kote Li, Sila ki te mete Lespri Sen Li nan mitan yo a?”


“Deklare e pwoklame pami nasyon yo. Pwoklame sa e leve yon drapo. Pa kache sa, men di: ‘Babylone te kaptire Bel gen tan plen regre, Merodac fin nan gwo twoub! Imaj li yo fè wont, e zidòl li yo fin sans espwa.’


Sou mòn byen wo Israël la, Mwen va plante li, pou li kapab pwodwi gwo branch, bay fwi e devni yon gwo pye sèd byen bèl. Epi zwazo de tout kalite yo va fè nich yo anba li. Yo va pran repo nan lonbraj branch li yo.


Answit, chèf nan linik yo te bay nouvo non a yo menm. Pou Daniel, li te bay non Beltschatsar, Hanania non a Schadrac, Mischaël non a Méschac e Azaria, non a Abed-Nego.


Anplis, bagay ke wa a mande a difisil, e nanpwen okenn lòt moun ki ka deklare li bay wa a sof ke dye yo, ki pa rete nan chè mòtèl.”


Wa a te di a Daniel, ki te rele Beltschatsar: “Èske ou kapab fè m konnen rèv ke m te fè a, ak entèpretasyon li an?”


Nebucadnetsar te reponn e te di yo: “Èske se vrè, Schadrac, Méschac ak abed-Nego, ke nou pa sèvi dye mwen yo, ni adore imaj an lò ke mwen te fè monte a?


Sa se rèv ke mwen menm, Nebucadnetsar, te fè. Alò, ou menm, Beltschatsar, ou fè m konnen entèpretasyon li, kòmsi nanpwen lòt moun pami mesye saj wayòm mwen yo ki kapab fè m konnen entèpretasyon an. Men ou menm, ou kapab, paske lespri a dye sen yo nan ou.”


O Beltschatsar, chèf majisyen yo, akoz mwen konnen ke lespri a dye sen yo nan ou e nanpwen mistè ki difisil pou ou fè m konnen vizyon a rèv mwen ke m te fè yo, ansanm ak entèpretasyon li.


Alò, mwen te tande de ou menm, ke lespri a dye yo nan ou, ke konesans, bon konprann ak sajès ki depase tout moun twouve nan ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite