Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 6:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 K ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo, k ap gaye kò yo sou gwo sofa yo, e k ap manje jenn mouton ki soti nan pak la, ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Sa pral rèd nèt pou moun ki kouche sou bèl kabann, k'ap layite kò yo sou bon matla dous, k'ap manje jenn ti mouton ak jenn ti bèf!

Gade chapit la Kopi




Amòs 6:4
18 Referans Kwoze  

Alò, yo te chita pou manje yon manje. Epi pandan yo te leve zye yo, yo te gade, e vwala, yon ekip Izmayelit ki t ap sòti Galaad, avèk chamo ki t ap pote yon chaj gòm awomatik, bòm avèk mè pou rive an Égypte.


Te gen bagay pann ki fèt an len fen blan e vyolèt ki te kenbe pa kòd fèt an len fen mov, wondèl an ajan avèk pilye an mèb. Devan yo te fèt an lò avèk ajan te plase sou yon pave mozayik ki fèt ak mab wouj, mab blan, gwo pèl klere avèk pyè presye.


Zye yo anfle nan mitan grès yo. Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.


Men olye sa, nou fè gwo fèt ak kè kontan, touye bèf, kòche mouton, manje vyann ak bwè diven: “Kite nou fè fèt; paske demen nou va mouri.”


Malè a kouwòn ògèy a moun sou ak diven Éphraïm yo, ak flè fane li ki pèdi bèlte ak glwa li. Li menm ki sou tèt vale fètil a sila ki fin sou ak diven yo!


“Anplis, ou pa prale nan yon kay ki gen fèt pou chita ak yo pou manje ak bwè.”


“‘“Gade byen, sa se te koupabilite a sè ou a, Sodome: li menm ak fi li yo te gen awogans, anpil manje ak lavi alèz, men li pa t ede endijan ak malere yo.


Ou te chita sou yon sofa byen bèl ak yon tab byen ranje devan l sou sila ou te mete lansan Mwen ak lwil Mwen an.


Konsa pale SENYÈ a: Menm jan bèje a rache de janm soti nan bouch lyon an, oswa yon mòso zòrèy, konsa, fis Israël ki rete Samarie yo, alèz sou bèl mèb yo, ak kousen swa yo sou kabann nan, va vin chape.


Kantik a tanp la va tounen chan lamantasyon nan jou sa a,” deklare Senyè BONDYE a. “Kadav yo va anpil. Nan chak andwa, yo va jete yo deyò an silans.


Paske moun rich li yo plen vyolans. Rezidan li yo fè manti, e lang yo twonpe soti nan bouch yo.


“Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak lèn fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.


Nou te viv nan richès sou tè a e mennen yon vi nan gran plezi. Nou te angrese kè nou nan yon jou labatwa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite