Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 3:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Kay sezon livè a, Mwen va frape ansanm avèk kay sezon lete a. Kay livwa yo va vin peri, e gran mezon yo p ap la ankò,” di Senyè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 M'ap detwi kay yo fè pou sezon fredi ak kay yo fè pou sezon chalè. M'ap demoli kay yo fè ak ivwa yo ra tè. Tout gwo kay yo pral disparèt. Se Senyè a menm ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Amòs 3:15
10 Referans Kwoze  

Alò, tout lòt zèv a Achab yo avèk tout sa ke li te fè ak kay ivwa ke li te konstwi a ak tout vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?


Tout vètman Ou yo santi tankou lami, womaren ak sitwonèl. Soti nan palè livwa yo,lenstriman a kòd yo vin fè Ou kontan.


Nan zòrèy mwen SENYÈ dèzame yo te sèmante: “Anverite, anpil kay va vin vid; menm sa ki bèl yo, san moun pou rete ladann.


Alò, wa a te chita nan kay sezon livè a, nan nevyèm mwa a, ak dife ki t ap brile nan recho la devan l.


Pou sa, Mwen va voye dife sou Juda, e li va devore palè a Jérusalem yo.”


Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon lènmi va ranvwaye peyi a. Li va rale desann barikad ou yo, episitadèl ou yo va piyaje.”


Konsa, akoz nou foule malere a, e egzije taks nan blè sou li, akoz nou fin bati bèl kay ak wòch byen taye, malgre nou pa menm rete nan yo, konsa, nou fin plante bèl chan rezen yo, men nou p ap bwè diven yo.


“Paske gade byen, SENYÈ a pral kòmande pou gwo lakay la vin kraze nèt, e ti kay la an ti mòso.


Tandiske Edom di: “Yo fin bat nou nèt, men nou va retounen vin bati sou ranblè yo;” konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Yo va bati, men mwen va jete; konsa, moun va rele yo peyi mechan an, e pèp sou sila SENYÈ a fache pou tout tan an.”


Éhud te vin vè li pandan li te chita sèl nan chanm twati fre li a. Epi Éhud te di li: “Mwen gen yon mesaj ki sòti nan Bondye pou ou.” Li te leve sou chèz li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite