Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 3:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 “Paske nan jou ke Mwen va vizite transgresyon Israël yo sou li, Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo. Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt. Yo va tonbe atè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Lè jou a rive pou m pini pèp Izrayèl la pou peche l yo, m'a detwi tout lotèl ki nan lavil Betèl la. Kòn lotèl yo ap kase, y'ap tonbe atè.

Gade chapit la Kopi




Amòs 3:14
15 Referans Kwoze  

Anplis, lotèl ki te Béthel la avèk wo plas ke Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a, menm lotèl sila a avèk wo plas la a li te kraze. Epi li te kraze wòch li yo, li te moulen yo jis yo te fè poud e li te brile Astarté la.


Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo.


Men ale koulye a, mennen pèp la kote Mwen te di ou a. Veye byen, zanj Mwen va ale devan ou. Malgre sa, nan jou ke Mwen va pini an, Mwen va pini yo pou peche yo a.”


Yo lonje kò yo bò kote tout lotèl, sou vètman ki te pran kon garanti yo. Nan kay Bondye yo a, yo bwè diven nan ki te bay pou peye amann yo.


“Antre nan Béthel pou fè peche; nan Guilgal pou miltipliye peche yo! Pote sakrifis nou yo chak maten, dim nou yo chak twa jou.


Konsa, Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la. Li te di: “Amos te fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la. Peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo.


Men pa pwofetize nan Béthel, paske se sanktyè ak rezidans la a wa a!”


Wo plas Isaac yo va vin abandone, e sanktyè Israël yo va vin kraze nèt. Answit, Mwen va leve kont lakay Jéroboam ak nepe.”


Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an moso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va touye rès yo ak nepe. Yo p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite