Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Abakik 2:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 “Èske tout moun sa yo p ap Leve yon chan mokè kont li, yon tire pwen kont li pou di: “Malè a sila ki ogmante sa ki pa pou li— pou jiskilè l ap fè tèt li rich ak chantay li yo?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Men, tout pèp sa yo pral pase yo nan betiz, yo pral rele chalbari dèyè yo, yo pral bay istwa sou yo. Yo pral di: Madichon pou moun k'ap plede pran sa ki pa pou yo! Kilè y'a sispann fè sa? Madichon pou moun k'ap bay ponya epi k'ap fè moun peye gwo enterè mete sou li!

Gade chapit la Kopi




Abakik 2:6
25 Referans Kwoze  

Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ, pou konbyen de tan mechan yo va leve tèt yo wo?


Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li; ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.


Paske li te di: “Ak pouvwa men m ak sajès mwen, mwen te fè sa a, paske mwen gen konprann. Mwen te retire bòn a tout pèp la, mwen te piyaje tout byen yo, e tankou yon nonm pwisan, mwen te ranvèse chèf yo.


La p manje sou sann yo. Yon kè ki twonpe te mennen l sou kote. Li p ap kapab delivre nanm li menm. Ni li pa mande: “Èske pa gen manti nan men dwat mwen?”


Malè a sila ki ogmante kay sou kay ak chan a sou lòt chan, jiskaske pa gen plas, pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a!


Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen, ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè? Koute Mwen avèk atansyon, manje sa ki bon e pran plezi nou an abondans.


Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li, se konsa sila ki ranmase richès san dwa. Nan mitan jou li yo, yo va kite li, e lè vi l fini, li va yon moun bèt.


Akoz yo menm, yon madichon va vin itilize pa tout egzile Juda ki Babylone yo, ki va di: “Ke SENYÈ a fè ou tankou Sédécias ak tankou Achab, ke wa Babylone nan te boukannen nan dife a,


Akoz endiyasyon SENYÈ a, li p ap abite, men li va dezole nèt. Tout moun ki pase kote Babylone va vin sezi. E va sifle kon koulèv akoz tout dega li yo.


Pi gran pami pwisan yo va pale ak li nan mitan sejou mò yo ansanm ak sila ki t ap ede li yo. ‘Yo fin desann, yo kouche san fè mouvman, ensikonsi yo, touye pa nepe yo.’


Nan jou sa a, yo va fè leve kont nou yon pawòl; mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris. Yo va di: ‘Nou fin detwi nèt! Li divize eritaj a pèp mwen an. A la retire, Li retire l nan men mwen! Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’”


Pou Kaldeyen yo, yo rale yo fè yo tout monte ak yon zen. Yo rale pote yo ale ak pèlen, e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa y ap rejwi e fè kè kontan.


“Malè a sila ki bati yon vil ak san vèse, e ki fonde yon vil ak inikite!


Anverite, èske sa pa soti nan SENYÈ dèzame yo pou moun travay di pou dife a, e nasyon yo fatige kò yo pou granmesi?


Alò, li te pran diskou li. Li te di: “Leve ou menm, O Balak, pou tande! Ban m zòrèy ou, O fis a Tsippor!


Balaam te pran diskou li, e te di: “Depi nan Aram, Balak te mennen m, wa Moab ki soti nan mòn Lès yo. ‘Vin modi Jacob pou mwen. Vin denonse Israël!’


“Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’


Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite