Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Abakik 2:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Anplis, diven devwale yon moun ògeye, ki pa rete lakay li. L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Richès fè moun pèdi tèt yo pi mal pase bweson. Moun ki gen lògèy pa ka rete trankil. Tankou simityè, yo pa janm gen ase. Tankou kote mò yo ye a, yo pa janm gen kont. Yo mache pran tout nasyon pou yo. Yo mete tout pèp anba ponyèt yo.

Gade chapit la Kopi




Abakik 2:5
33 Referans Kwoze  

Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè; ni zye a lòm pa janm satisfè.


Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten; nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.


Yo prepare tab la, yo plase watchman nan, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo!


Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen.


Malè a sila ki ogmante kay sou kay ak chan a sou lòt chan, jiskaske pa gen plas, pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a!


Ògèy a lòm va vin imilye e wotè a lòm va vin desann. Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.


Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite.


Paske malgre SENYÈ a egzalte, Li toujou okipe sila ki ba yo. Men moun ki ògeye yo, Li rekonèt yo de lwen.


Anverite, ou te bat Édom e kè ou vin plen ògèy. Rete lakay ou pou fè kè kontan. Pou ki rezon ou ta pwovoke twoub la jiskaske ou menm, ou ta tonbe, e Juda ansanm avèk ou?”


Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”


epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an.


Gade byen, kè l anfle. Nanm li pa dwat anndan l, men moun dwat la va viv pa lafwa li.


Lè yo vin rive cho ase, mwen va sèvi yo bankè yo, e fè yo sou, pou yo ka fè kè kontan nèt e dòmi nèt, pou yo pa leve ankò menm”, deklare SENYÈ a.


“Rele anpil kont Babylone, tout sila ki konn koube banza yo. Fè kan kont li tout kote, pa bay li mwayen pou chape menm. Rekonpanse li selon zèv li yo. Selon tout sa li te fè yo, konsa fè li; paske li te vin awogan kont SENYÈ a, kont Sila Ki Sen an Israël la.


gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan.


Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè; men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.


Pou sa, Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole; epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a, ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann.


ki te konn frape pèp la ak gran kolè, ak kou san rete, ki te soumèt nasyon yo ak gwo kòlè ak gwo pèsekisyon san fren.


Pou Kaldeyen yo, yo rale yo fè yo tout monte ak yon zen. Yo rale pote yo ale ak pèlen, e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa y ap rejwi e fè kè kontan.


Èske se konsa yap kontinye vide filè yo, e kontinye detwi nasyon yo san mizerikòd?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite