Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 8:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Alò, nan senkyèm ane Joram, fis a Achab la, wa Israël la, pandan Josaphat te wa Juda, Joram, fis Josaphat la, wa Juda, te devni wa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Wa Joram, pitit gason Akab la, t'ap mache sou senkan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Joram, pitit gason Jozafa ki te wa peyi Jida a, moute wa nan plas papa l.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 8:16
10 Referans Kwoze  

Josaphat te gen trann-senk ane lè li te devni wa, e li te renye pandan venn-senk ane Jérusalem. Epi non manman li se te Azuba, fi a Schilchi a.


Josaphat osi te fè lapè avèk wa Israël la.


Konsa, Josaphat te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere avèk zansèt li yo nan vil a papa li a, David e Joram, fis li a, te renye nan plas li.


Achazia, fis a Achab la te devni wa nan plas li.


Konsa, Achazia te mouri selon pawòl SENYÈ a ke Élie te pale a. Epi akoz li pa t gen fis, Joram te devni wa nan plas li nan dezyèm ane a Joram, fis a Josaphat a, wa Juda a.


Men Yehoshéba, fi a Wa Joram nan, sè Achazia a, te pran Joas, fis a Achazia a e li te rachte li pami fis a wa ki t ap mete a lanmò yo, e li te plase li avèk fanm nouris pa li nan chanm dòmi an. Konsa, yo te kache li soti Athalie pou li pa t mete a lanmò.


Alò Joram, fis Achab la te devni Wa sou Israël nan Samarie nan di-zuityèm ane a Josaphat, wa Juda a, e li te renye pandan douzan.


Nan douzyèm ane Joram, fis a Achab la, wa Israël, Achazia, fis a Joram nan te kòmanse renye.


Pèp Jérusalem la te fè Achazia, pi piti fis li a, wa nan plas li, akoz bann mesye ki te vini ak Arab yo nan kan an te touye tout pi gran yo. Konsa Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a te kòmanse renye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite