Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 8:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Nan jou swivan an, li te pran yon gwo kouvèti a, li te fonse l nan dlo e li te ouvri li sou figi li, jiskaske wa a te mouri. Konsa, Hazaël te vin wa nan plas li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Men nan denmen, Azayèl pran yon dra, li plonje li nan dlo, li mete li bouche figi wa a epi wa a tou mouri toufe. Azayèl moute wa sou fotèy peyi Siri a nan plas Bennadad.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 8:15
19 Referans Kwoze  

Konsa, Baescha te touye li nan twazyèm ane Asa a, wa Juda a e li te vin renye nan plas li.


Alò, Zimri te antre frape li e te mete l a lanmò nan venn-setyèm ane Asa a, wa a Juda a e li te devni wa nan plas li.


Lè Zimri te wè vil la te tonbe, li te monte nan sitadèl lakay wa a. Li te brile lakay wa a sou pwòp tèt li avèk dife, e li te mouri.


SENYÈ a te di li: “Ale, retounen sou chemen ou vè dezè Damas la, e lè ou fin rive, ou va onksyone Hazaël wa sou Syrie;


Alò, Pékach, fis a Remalia a, ofisye pa li a, te fè konplo kont li e te frape li Samarie nan fò kay wa a avèk Argob ak Arié; ansanm ak li, te gen senkant mesye Galaadit yo e li te touye li pou te devni wa nan plas li.


Epi Osée, fis Ela a, te fè yon konplo kont Pékach, fis a Remalia a, li te frape li e te mete li a lanmò pou te devni wa nan plas li, nan ventyèm ane a Jotham, fis a Ozias la.


Alò, Élisée te di li: “Ale pale li konsa, ‘Ou va asireman refè;’ men SENYÈ a te montre mwen ke byensi, l ap mouri.’”


Epi Hazaël te di li: “Men kisa sèvitè ou ye? Yon chen ki ta fè gwo bagay sa a?” Élisée te reponn: “SENYÈ a te montre mwen ke ou va wa sou Syrie.”


Alò, li te ale avèk Joram, fis a Achab la pou fè lagè kont Hazaël, wa Syrie a nan Ramoth-Galaad e Siryen yo te blese Joram.


Konsa, Jéhu te rale banza li ak tout fòs e te tire Joram antre bwa li. Flèch la te pase nan kè l e li te bese desann nan cha li.


Sou kabann li, li fè plan mechan; Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen; Li pa rayi mal.


Malè a ou menm, O ou ki detwi lòt pandan ou pa t detwi; epi sila ki fè trèt pandan lòt moun pa t aji an trèt avè w. Depi ou fin detwi, ou osi va vin detwi nèt. Depi ou fin fè trèt, lòt moun va fè trèt kont ou.


Malè a sila k ap fè plan inikite yo, k ap manevre mechanste sou kabann yo! Lè maten rive, yo pratike li, paske sa nan pouvwa a men yo.


Tankou pwovèb a ansyen yo di: ‘Nan mechan an, mechanste sòti!’ Men se pa men mwen k ap kont ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite