Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 7:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Konsa, pèp la te sòti e te piyaje kan Siryen an. Alò, yon mezi farin fen te vann pou yon sik e de mezi lòj pou yon sik, selon pawòl SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Menm lè a, pèp la kouri sòti al piye kan lame peyi Siri yo. Jan Senyè a te di l la, yo vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan, ven liv lòj pou menm pri a.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 7:16
14 Referans Kwoze  

Epi Élisée te di: “Koute pawòl SENYÈ a. Konsa pale SENYÈ a: ‘Demen vè lè sa a, yon mezi farin fen va vann pou yon sik, e de mezi lòj pou yon sik nan pòtay Samarie a.’”


Yo te ale dèyè yo jis rive nan Jourdain an, e gade, tout chemen an te ranpli avèk rad ak ekipaj ke Siryen yo te jete nan sove ale. Alò, mesaje yo te retounen pou te pale wa a.


Lè Josaphat avèk pèp li a te vini pran piyaj la, yo te twouve anpil bagay pami yo; byen, vètman ak bagay valab ke yo te pran pou yo menm, plis pase yo ta kab pote. Yo te pran twa jou pou ranmase piyaj la, paske li te tèlman anpil.


“Wa lame yo sove ale! Yo kouri! Fanm nan rete nan kay la divize piyaj la!


Lè ou kouche nan pak mouton yo, se tankou zèl toutrèl ki kouvri ak ajan e plim li ak lò briyan.


Malè a ou menm, O ou ki detwi lòt pandan ou pa t detwi; epi sila ki fè trèt pandan lòt moun pa t aji an trèt avè w. Depi ou fin detwi, ou osi va vin detwi nèt. Depi ou fin fè trèt, lòt moun va fè trèt kont ou.


Kòd vwal nou yo vin lach. Yo p at ka soutini baz ma bato a byen, ni kenbe vwal la gran ouvri. Alò, piyaj la a gwo boutin nan te divize. Sila ki bwate a te pran piyaj la.


Piyaj pa W va ranmase tankou cheni ranmase. Tankou krikèt volan konn vòltije, se konsa y ap vòltije sou li.


ki te konfime pawòl a sèvitè Li a e te acheve bi a mesaje Li yo. Se Mwen menm ki di de Jérusalem: Li va gen moun ladann!’ Epi a vil a Juda yo: ‘Yo va bati.’ Konsa, Mwen va fè leve mazi li yo ankò.


Bondye se pa yon nonm ke li ye pou L ta bay manti, ni fis a yon nonm pou L ta repanti. Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vrè?


Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt.


Fis Israël yo te retounen soti nan lachas Filisten yo e te piyaje tout kan yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite