Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 7:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Yo te ale dèyè yo jis rive nan Jourdain an, e gade, tout chemen an te ranpli avèk rad ak ekipaj ke Siryen yo te jete nan sove ale. Alò, mesaje yo te retounen pou te pale wa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Mesye yo pati, yo rive jouk bò larivyè Jouden an. Sou tout wout la, yo wè rad ak yon bann lòt bagay sòlda peyi Siri yo te jete lè yo t'ap kouri met deyò a. Yo tounen, yo fè rapò yo bay wa a.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 7:15
14 Referans Kwoze  

Konsa, yo te pran de cha avèk cheval e wa a te voye yo dèyè lame Siryen an, e te di: “Ale gade.”


Konsa, pèp la te sòti e te piyaje kan Siryen an. Alò, yon mezi farin fen te vann pou yon sik e de mezi lòj pou yon sik, selon pawòl SENYÈ a.


Bwason yo te sèvi nan veso an lò a plizyè kalite, e diven wayal la te anpil, selon bonte a wa a.


Satan te reponn SENYÈ a. Li te di: “Chè pou chè! Wi, tout sa yon nonm genyen, li va bay pou lavi li.


Yon tan pou chache e yon tan pou pèdi. Yon tan pou konsève, e yon tan pou jete.


Alò, se kisa nou va fè nan jou chatiman an ak nan jou destriksyon ki va sòti byen lwen an? A kilès nou va kouri rive pou jwenn sekou? Epi se ki kote nou va lèse richès ak byen nou?


Nan jou sa a, tout moun va jete deyò rat ak chòv-sourit, zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò, ke yo te fè pou yo menm ta adore,


Konsa, yo va kloue sou li tout glwa lakay papa l, desandan ak sila k ap vini yo, tout veso pi piti yo, soti nan bòl, jis rive nan bokal.


Paske nan jou sa a, tout moun va jete deyò zidòl an ajan li yo ak zidòl an lò li yo, ke men plen peche nou yo te fè pou nou.


Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël?


Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?


Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite