Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 5:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Li te rive ke lè Élisée, nonm Bondye a te tande ke wa Israël la te chire rad li, li te voye kote wa a e te di: “Poukisa ou chire rad ou konsa? Koulye a, kite li vin kote mwen e li va konnen ke gen yon pwofèt an Israël.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Lè pwofèt Elize vin konnen jan wa a te nan tèt chaje pou lèt la, li voye di l: — Poukisa ou gen kè sere konsa? Voye moun lan ban mwen, m'a fè l konnen gen yon pwofèt nan peyi Izrayèl la.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 5:8
14 Referans Kwoze  

Alò, David te di a Joab avèk tout moun ki te avèk li yo: “Chire rad nou e abiye nou an sak pou fè lamantasyon devan Abner.” Epi Wa David te mache dèyè sèkèy la.


Men pawòl Bondye te vini a Schemaeja, nonm a Bondye a, e te di:


Konsa, fanm nan te di a Élie: “Koulye a, mwen konnen ke ou se yon nonm Bondye, e ke pawòl SENYÈ a nan bouch ou se verite.”


Yo te di li: “Yon nonm te vin rankontre nou e te di nou: ‘Ale retounen kote wa ki te voye nou an e di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke w ap voye mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an? Pou sa, ou p ap desann Kabann kote ou fin monte a, men anverite, ou va mouri.’”’”


Lè li te retounen kote nonm Bondye a avèk tout konpanyen li e te vin kanpe devan li, li te di: “Gade byen, koulye a, mwen konnen ke nanpwen lòt Dye nan tout tè a, sof ke an Israël. Pou sa, souple, aksepte yon kado nan men sèvitè ou a depi koulye a.”


Li te pale konsa a mètrès li a: “Mwen ta tèlman vle ke mèt mwen an te avèk pwofèt Samarie a! Konsa, li ta geri li pou l pa gen lalèp la.”


Lè wa Israël la te li lèt sa a, li te chire rad li. Li te di: “Èske se Bondye mwen ye, pou m kab touye e fè viv, pou nonm sa ta voye kote mwen pou geri yon mesye ki gen lalèp? Men gade byen kijan l ap chache yon kont avè m.”


Konsa, Naaman te vini avèk cheval li yo ak cha li yo e te kanpe devan pòtay lakay Élisée.


“‘Tout sa yo, sèvitè pa w yo va vin bese ba devan m, e yo va di: ‘Ale deyò, ou menm avèk tout moun ki swiv ou yo, e apre sa, mwen va ale deyò.’” Epi li te sòti devan Farawon, ranpli avèk kòlè e byen cho.


Pou yo menm, menm si yo koute oswa pa koute—paske se kay rebèl ke yo ye—yo va konnen ke yon pwofèt te pami yo.


Epi pa yon pwofèt, SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte. Pa yon pwofèt, li te vin prezève.


Paske m ap pale avèk nou menm ki se pèp etranje yo. Otan ke mwen menm se yon apòt a pèp etranje yo, mwen leve sèvis ministè pa m byen wo.


Li te di li: “Gade byen konsa, genyen yon nonm Bondye nan vil sila a, yon nonm onore. Tout sa ke li konn di anverite vin pase. Alò, annou ale la. Petèt li kapab pale nou sou vwayaj ke nou kòmanse fè a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite