Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 5:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Lè wa Israël la te li lèt sa a, li te chire rad li. Li te di: “Èske se Bondye mwen ye, pou m kab touye e fè viv, pou nonm sa ta voye kote mwen pou geri yon mesye ki gen lalèp? Men gade byen kijan l ap chache yon kont avè m.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Lè wa peyi Izrayèl la li lèt la, li vin gen yon sèl kè sere ki fè li chire rad sou li, epi li di: — Eske se Bondye ki bay lavi ki bay lanmò mwen ye pou msye voye yon moun malad pou m'geri? Nou tou wè se chache l'ap chache mwen kont.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 5:7
19 Referans Kwoze  

Epi chalè Jacob te brile kont Rachel. Li te di: “Èske mwen nan plas Bondye, ki te anpeche vant ou bay fwi a?”


Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te chire rad li.


Konsa, Joseph te di yo: “Pa pè; èske mwen nan plas Bondye?


Alò, David te sezi rad li, te chire yo, menm jan tout mesye ki te avè l yo te fè.


Epi wa Israël la te rele tout ansyen peyi a e te di: “Souple, gade byen jan mesye sila a ap chache pwoblèm. Li te voye kote mwen pou madanm mwen avèk pitit mwen yo ak ajan mwen avèk lò mwen, epi mwen pa t refize li.”


Li te gade, e men vwala, wa a te kanpe akote pilye a, selon koutim nan, avèk kapitèn yo ak twonpèt yo akote wa a. Epi tout moun peyi a t ap rejwi e sone twonpèt yo. Athalie te chire rad li e te kriye: “Trayizon, Trayizon!”


Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te vin kote Ézéchias avèk rad yo tou chire pou te pale li pawòl a Rabschaké yo.


Li te mennen lèt la bay wa Israël la ki te di: “Epi koulye a, kòmsi lèt sa a rive bò kote ou, men vwala, mwen te voye Naaman, sèvitè mwen an kote ou, pou ou kab geri li nan afè lalèp sila a.”


Malgre sa, wa a ak tout sèvitè ki te tande pawòl sila yo pa t pè, ni yo pa t chire rad yo.


Anplis, bagay ke wa a mande a difisil, e nanpwen okenn lòt moun ki ka deklare li bay wa a sof ke dye yo, ki pa rete nan chè mòtèl.”


Vini, annou retounen kote SENYÈ a; paske li te chire nou, men Li va geri nou. Li te blese nou, men Li va panse nou.


Josué, fis a Nun lan avèk Caleb, fis a Jephaunné a, nan sila ki te fè espyonaj nan peyi a, te chire rad yo.


Konsa wo prèt la te chire rad li e te di: “Li gen tan vin blasfeme! Kisa nou bezwen ankò kon temwayaj? Gade, nou fin tande blasfèm nan.


paske yo t ap eseye fòme yon konplo kont Li pou kenbe L nan yon pawòl ke Li ta petèt pale.


Men lè apòt yo, Barnabas ak Paul te tande sa, yo te chire rad yo. Yo te kouri nan mitan foul la e t ap rele


Pito ke yo te saj, ke yo te konprann sa, ke yo te konprann avni yo!


Vin wè ke Mwen menm se Li. Nanpwen dye sof ke Mwen. Se Mwen ki mete a lanmò, e se Mwen ki bay lavi. Se Mwen ki te fè blese e se Mwen ki fè gerizon. Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.


“Se SENYÈ a ki detwi e ki fè viv. SENYÈ a rale desann nan sejou lanmò yo, e Li leve wo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite