Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 4:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 Asistan li an te di: “Kisa, èske mwen va mete sa a devan san moun?” Men li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje, paske se konsa SENYÈ a pale: ‘Yo va manje e va genyen ki rete.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

43 Men domestik la di l: — Ki jan pou m rive bay san moun manje ak ti povizyon sa a? Elize reponn li: — Ba yo l pou yo manje, paske Senyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 4:43
15 Referans Kwoze  

Kote mwen ap jwenn vyann pou bay tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m! Yo te di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’


SENYÈ a te di a Moïse: “Èske pouvwa SENYÈ a limite? Koulye a, ou va wè si pawòl Mwen va vin vrè pou ou oswa non.”


Tout te manje e tout te byen satisfè. Yo te ranmase sa ki te rete nan mòso kase yo, e yo te rete douz panyen byen plen.


Konsa, tout moun te manje e te satisfè. Lè yo te ranmase mòso kase ki te rete yo, te rete sèt gran panyen byen plen.


“Epi lè Mwen te kase sèt pou kat mil moun yo, konbyen gwo panyen plen avèk moso kase nou te ranmase?” Yo te di li: “Sèt”.


Disip Li yo te reponn Li: “Kote yon moun kapab jwenn ase pen isit la pou satisfè moun sa yo nan yon andwa izole konsa”?


Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Nou pa gen plis ke senk pen avèk de pwason, sof ke petèt ke nou ta ale achte pen pou tout moun sa yo.”


Yo te manje jis vant tout moun te plen. E mòso tou kase ke yo te ranmase yo te fè douz panyen byen ranpli.


“Gen yon jènjan isit la ki gen senk pen fèt avèk lòj avèk de pwason, men kisa sa ye pou tout fòs kantite moun sa yo?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite