Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 4:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

42 Yon lòt fwa ankò, yon nonm sòti lavil Baal Chalicha, li pote yon sak pwovizyon fè Elize kado. Nan sak la te gen ven pen li te fè ak premye grenn lòj li te rekòlte pou lanne a ansanm ak yon pakèt grap lòj li te fenk koupe. Elize di domestik li a pou li sèvi yo bay pwofèt yo manje.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 4:42
22 Referans Kwoze  

Pran dis pen avèk ou, kèk gato ak yon boutèy siwo myèl, e ale kote li. Li va di ou kisa ki va rive gason an.”


Lè Élisée te retounen Guilgal, te gen yon gwo grangou nan peyi a. Pandan fis a pwofèt yo te chita devan l, li te di a sèvitè li a: “Mete gwo bonm nan e fè yon bouyon pou fis a pwofèt yo.”


Alò, wa Syrie a te di: “Ale koulye a e mwen va voye yon lèt kote wa Israël la.” Li te sòti e te pran avè l dis talan ajan ak si-mil sik an lò ak dis echanj vètman konplè.


Epi Élisée te di: “Koute pawòl SENYÈ a. Konsa pale SENYÈ a: ‘Demen vè lè sa a, yon mezi farin fen va vann pou yon sik, e de mezi lòj pou yon sik nan pòtay Samarie a.’”


Osi nou va obsève fèt Mwason Premye Fwi a travay nou yo, nan sa ke nou te simen nan chan, anplis, fèt rekòlt nan fen ane a lè nou fin ranmase tout fwi travay nan jaden nou yo.


“Tout sa ki pi bon nan lwil fre a, tout sa ki pi bon nan diven fre a ak nan sereyal la, premye fwi a sila ke yo bay a SENYÈ a, Mwen bannou yo.


Premye nan fwi mi ki nan peyi yo, ke yo pote bay SENYÈ a, va pou ou. Tout moun lakay ou ki pwòp, kapab manje li.


Konsa yo te ranmase yo, e yo te plen douz panyen yo avèk ti mòso fèt pa senk pen lòj ke sa ki t ap manje yo te kite.


“Gen yon jènjan isit la ki gen senk pen fèt avèk lòj avèk de pwason, men kisa sa ye pou tout fòs kantite moun sa yo?”


Si nou te simen bagay ki apatyen a Lespri ki nan nou an, èske se twòp si nou rekòlte bagay materyèl ki soti nan nou yo?


Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.


La, nou va mennen ofrann brile nou yo, sakrifis nou yo, dim nou yo, don ki sòti nan men nou yo, ofrann ve yo, ofrann bòn volonte yo, avèk premye ne nan twoupo nou yo ak nan bann mouton nou yo.


Bòl lèt a bèf yo ak lèt bann kabrit yo, avèk grès jenn ti mouton yo, Belye a ras Basan yo ak kabrit, Avèk ble ki pi fen yo. Nou te bwè san rezen an, diven an menm nou te bwe.


yon peyi avèk ble ak lòj, avèk pye rezen, pye fig, avèk grenad, yon peyi avèk lwil doliv ak siwo myèl;


Li te pase nan peyi ti kolin Éphraïm nan e te pase nan Schalisha, men yo pa t jwenn yo. Alò, yo te pase nan peyi Schaalim, men yo pa t twouve anyen. Alò, li te pase nan peyi Benjamin yo, men yo pat jwenn anyen.


Alò Saül te di a sèvitè li a: “Men gade byen, si nou ale, kisa nou va pote pou nonm sa a? Paske pen an fini nan sak nou e nanpwen kado pou pote bay nonm Bondye a. Kisa nou genyen?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite