Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 21:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Li te bati lotèl pou tout lame syèl la nan de lakou lakay SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Li fè bati lotèl nan de lakou Tanp lan pou tout zetwal ki nan syèl la.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 21:5
17 Referans Kwoze  

Li te bati galeri enteryè a avèk twa ranje wòch taye ak yon ranje travès fèt an sèd.


Konsa, gran lakou toutotou a te gen twa ranje wòch koupe ak yon ranje travès sèd; menm jan avèk lakou enteryè lakay SENYÈ a ak galri kay la.


Lotèl ki te sou twati yo, nan wo chanm Achaz ke wa Juda yo te fè a ak lotèl ke Manassé te fè nan de lakou lakay SENYÈ a, wa a te kraze yo. Li te kraze yo e li te jete poud yo nan flèv Cédron an.


Konsa, wa a te kòmande Hilkija, wo prèt la e prèt a dezyèm lòd yo avèk gadyen pòtay yo pou mennen fè sòti deyò nan tanp SENYÈ a tout veso ki te fèt pou Baal yo, pou Astarté ak pou tout lame syèl la. Konsa, li te brile yo deyò Jérusalem nan chan Cédron an e li te pote sann yo jis rive Béthel.


Li te mete deyò tout prèt zidòl ke wa Juda yo te chwazi pou brile lansan nan wo plas yo nan vil Juda yo ak nan andwa Jérusalem yo. Anplis, sila ki te brile lansan a Baal yo, a solèy la, lalin nan, avèk tout gwoup zetwal yo ak tout lame syèl yo.


Li te fè mete deyò Astarté la soti lakay SENYÈ a rive Jérusalem nan flèv Cédron an, li te moulen l an poud nèt e li te jete pousyè a nan simityè a pèp la.


Anplis, li te retire dye etranje yo avèk zidòl yo soti lakay SENYÈ a. Tout lotèl ke li te bati sou mòn lakay SENYÈ a ak nan Jérusalem yo, li te jete yo deyò lavil la.


Paske li te bati lotèl pou tout lame syèl yo nan de lakou lakay SENYÈ yo.


Li te fè lakou prèt yo avèk gran lakou a avèk pòt pou lakou a, e li te kouvri pòt yo avèk bwonz.


Epi li te mennen m nan lakou enteryè a pa pòtay sid la, e li te mezire pòtay sid la selon menm mezi yo.


Li te mennen m nan lakou enteryè a vè lès. Li te mezire pòtay la selon menm mezi sila yo.


Pilye akote li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo, youn sou chak kote. Eskalye li a te gen uit machpye.


Li te mezire lakou a, an fòm kare nèt, san koude nan longè pa san koude nan lajè. Epi lotèl la te devan tanp lan.


Anfas ven koude ki te pou lakou enteryè a, e anfas pave ki te apatyen a lakou eksteryè a, se te galri ki te koresponn ak galeri sou twa etaj yo.


Epi Lespri a te leve m anlè e te mennen m antre nan lakou enteryè a; epi gade byen, glwa SENYÈ a te ranpli kay la.


Lè yo sòti deyò vè pèp la, nan lakou deyò a, yo va retire vètman yo te sèvi nan fè sèvis la, e lage yo nan chanm sen yo. Yo va mete lòt vètman pou yo pa transmèt sentete a pèp la avèk vètman yo.


Konsa, Li te mennen mwen antre nan lakou enteryè lakay SENYÈ a. Epi vwala, nan antre tanp SENYÈ a, antre galri ak lotèl la, anviwon venn-senk òm, avèk do yo bay tanp SENYÈ a, e figi yo vè lès. Epi yo t ap pwostène yo nan lès vè solèy la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite