Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 21:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Li te bati lotèl lakay SENYÈ a, sou sila SENYÈ a te di: “Nan Jérusalem, Mwen va mete non Mwen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Li menm rive bati lotèl pou zidòl anndan Tanp Senyè a, kote Senyè a te di se la l'ap rete lavil Jerizalèm.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 21:4
18 Referans Kwoze  

Li va bati yon kay pou non Mwen e Mwen va etabli twòn wayòm li a jis pou tout tan.


pou zye Ou ta rete louvri vè kay sila a lajounen kon lannwit, vè plas kote Ou te di: ‘Non Mwen va rete la,’ pou koute lapriyè ke sèvitè ou a va fè vè plas sa a.


SENYÈ a te di li: “Mwen fin tande priyè ou ak siplikasyon ke ou te fè devan M nan. Mwen te konsakre kay sa a ke ou te bati nan mete non Mwen la pou tout tan. Zye Mwen avèk kè Mwen va la pou tout tan ale nèt.


Lotèl ki te sou twati yo, nan wo chanm Achaz ke wa Juda yo te fè a ak lotèl ke Manassé te fè nan de lakou lakay SENYÈ a, wa a te kraze yo. Li te kraze yo e li te jete poud yo nan flèv Cédron an.


SENYÈ a te di: “Mwen va retire Juda tou devan zye Mwen, jan mwen te retire Israël la. Mwen va voye jete Jérusalem, vil sila ke M te chwazi a ak tanp sou sila Mwen te di: ‘Non Mwen va la a.’”


‘Depi jou ke M te mennen pèp Mwen an sòti nan peyi Égypte la, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou bati yon kay pou non Mwen ta kapab la, ni Mwen pa t chwazi yon moun kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël;


men Mwen te chwazi Jérusalem pou non Mwen ta kapab la, e Mwen te chwazi David pou li kapab sou pèp Mwen an, Israël.’


“‘Nou va fè yon lotèl avèk tè pou Mwen, e nou va fè sakrifis sou li nan ofrann brile, ak ofrann lapè, mouton nou yo, avèk bèf nou yo. Nan chak plas kote Mwen fè non Mwen sonje, Mwen va vin kote nou, e Mwen va beni nou.


“Anverite, vil sa a te atire kòlè M ak raj Mwen an soti nan jou ke yo te bati li a, menm rive nan jou sa a, pou sa ta dwe retire devan figi Mwen,


Men yo te mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non pa M nan, pou souye l.


Yo te bati wo plas a Baal ki nan vale Ben-Hinnom nan, pou fè fis yo pase nan dife a Moloc, bagay ke M pa t kòmande yo, ni sa pa t antre nan panse M ke yo ta dwe fè bagay abominab sa a, pou fè Juda peche.”


“Paske fis a Juda yo te fè mal nan zye M,” deklare SENYÈ a. “Yo te mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non Mwen an, pou souye li.


Ankò, yo te fè M sa: yo te souye sanktyè Mwen an nan menm jou a, e te pwofane Saba Mwen yo.


Paske lè yo te fin masakre tout fis yo pou zidòl yo, yo te antre nan sanktyè Mwen an nan menm jou a pou pwofane li; epi konsa, yo te fè anndan lakay Mwen an.


Men nou va chache kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi sou tout trib nou yo, pou etabli non Li a tankou kote pou L ta rete, e la, nou va vini.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite