Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 15:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Schallum, fis a Jabesch la te devni wa nan trant-nevyèm ane a Ozias, wa Juda a e li te renye yon mwa Samarie.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Wa Azarya te gen trannevan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Chaloum, pitit Jabès, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan yon mwa.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 15:13
12 Referans Kwoze  

Nan venn-setyèm ane Asa a, wa Juda a, Zimri, te renye pandan sèt jou nan Thirtsa. Alò, pèp la te fè kan kont Guibbethon, ki te pou Filisten yo.


Li te achte ti mòn Samarie a nan men Schémer pou de talan ajan; epi li te bati sou ti mòn nan e li te rele vil ke li te bati a Samarie menm non a Schémer, mèt a ti mòn nan.


Nan venn-setyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Azaria, fis a Amatsia a, wa Juda a, te devni wa.


Nan tran-tuityèm ane Azaria, wa Juda a, Zacharie, fis a Jéroboam nan te devni wa an Israël nan Samarie pandan si mwa.


Li te vale richès, men vomi fè yo retounen vin parèt. Bondye va fè yo sòti nan vant li.


Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an. Moun ki vèse san e ki bay manti p ap rive fè mwatye nan jou yo. Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.


Yon nonm ki twouble ak koupabilite san moun va yon fijitif jiskaske li mouri. Pinga pèsòn ba li soutyen.


Pa transgresyon a yon pèp, chèf peyi yo vin anpil; men lòd se etabi pa yon nonm bon konprann ak konesans.


Vizyon Ésaïe a, fis Amots la, konsènan Juda avèk Jérusalem, ke li te wè pandan tan pouvwa a Ozias, Jotham, Achaz ak Ézéchias, wa Juda yo.


Anverite, koulye a yo va di: “Nou pa gen wa, paske nou pa krent SENYÈ a. Epi wa a, se kisa li ka fè pou nou?”


Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm. Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm. Ak ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo, jis pou yo ta ka koupe retire nèt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite