Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 10:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Pou sa, voye fè parèt tout pwofèt a Baal yo, tout sila ki sèvi l avèk tout prèt li yo. Pa kite youn nan yo pa la. Paske mwen gen yon gran sakrifis pou Baal. Nenpòt moun ki pa la, p ap viv.” Men se avèk riz Jéhu te fè sa, jis pou li ta kapab detwi fidèl a Baal yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Se poutèt sa, fè chache tout pwofèt yo, tout sèvitè Baal yo ak tout prèt li yo, fè yo vin jwenn mwen. Mwen vle pou tout moun la, paske mwen gen pou m fè yon gwo sèvis pou Baal. Si yon moun pa la l'ap mouri. Men se yon plan Jeou te gen nan tèt li pou l te touye tout moun k'ap sèvi Baal.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 10:19
11 Referans Kwoze  

Alò, pou sa, voye ranmase vè mwen tout Israël nan Mòn Carmel avèk kat-san-senkant pwofèt Baal ak kat-san pwofèt Astarté ki manje sou tab Jézabel la.”


Alò wa Israël la te rasanble pwofèt yo ansanm, anviwon kat-san mesye. Li te di yo: “Èske mwen dwe ale kont Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?” Yo te di: “Ale monte, paske SENYÈ a va bay li nan men a wa a.”


Konsa, Jéhu te rasanble tout pèp la e li te pale yo: “Achab te sèvi Baal yon tikras; Jéhu va sèvi li anpil.


Alò, Élisée te di a wa Israël la: “Kisa m gen avè w? Ale kote pwofèt a papa ou avèk pwofèt a manman ou yo.” Wa Israël la te reponn: “Non, paske SENYÈ a te rele twa wa sila yo ansanm pou livre yo nan men a wa Moab la.”


Èske ou kab pale pou Bondye sa ki pa jis, e pale sa ki manti pou Li?


Yon nonm ki flate vwazen li ap ouvri filè pou pla pye li.


Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la.


Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye.


Paske egzòtasyon nou an pa soti ni nan erè, ni nan salte, ni nan fason pou twonpe moun.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite