Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 10:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Konsa, Jéhu te rasanble tout pèp la e li te pale yo: “Achab te sèvi Baal yon tikras; Jéhu va sèvi li anpil.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Apre sa, Jeou reyini tout pèp lavil Samari a, li di yo: — Akab te sèvi Baal yon ti kras, mwen menm m'ap sèvi l plis pase l.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 10:18
9 Referans Kwoze  

Alò, pou sa, voye ranmase vè mwen tout Israël nan Mòn Carmel avèk kat-san-senkant pwofèt Baal ak kat-san pwofèt Astarté ki manje sou tab Jézabel la.”


Konsa, Élie te di a pèp la: “Se mwen sèl ki rete kòm pwofèt SENYÈ a, men pwofèt a Baal yo se kat-san-senkant òm.


Epi Élie te di yo: “Sezi pwofèt a Baal yo! Pa kite youn nan yo chape!” Yo te sezi yo, epi Élie te mennen yo desann nan flèv Kison an e te touye yo la.


Yo te bliye nèt tout kòmandman a SENYÈ a, Bondye pa yo a e yo te fè pou kont yo imaj fonn a ti bèf yo menm, te fè yon Astarté, yo te adore tout lame selès la e yo te sèvi Baal.


Li te fè mal nan zye SENYÈ a, malgre, se pa tankou papa li avèk manman li. Paske li te retire pilye sakre a Baal ke papa li te fè a.


Èske ou kab pale pou Bondye sa ki pa jis, e pale sa ki manti pou Li?


Epi poukisa nou pa di (jan kèk ènmi konn di n ap di a): “Annou fè mal pou byen kapab soti?” Kondanasyon pa yo jis.


Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite