Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 25:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Lakòlè Bondye te brile kont Amatsia, e Li te voye pwofèt Li ki te di l: “Poukisa ou te swiv dye a pèp sa a, ki pa t kab delivre pwòp pèp pa yo nan men ou?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Senyè a fache kont Amasya. Li voye yon pwofèt pou di l konsa: — Poukisa kounyeya ou pran sèvi bondye yon pèp ki pat ka sove pèp sa a anba men ou?

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 25:15
23 Referans Kwoze  

Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: “Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou?


Epi Éliézer, fis a Dodava a nan Maréscha, te pwofetize kont Josaphat. Li te di: “Akoz ou te fè alyans avèk Achazia, SENYÈ a te detwi zèv ou yo.” Pou sa, bato yo te kraze, e yo pa t kab ale Tarsis.


Yo te abandone lakay SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a pou te sèvi Asherim yo avèk zidòl yo. Konsa, lakòlè SENYÈ a te desann sou Juda avèk Jérusalem akoz koupabilite sa a.


Alò Lespri Bondye a te vini sou Zacharie, fis a Jehojada a, prèt la. Li te kanpe anwo pèp la, e te pale yo: “Konsa Bondye te di: ‘Poukisa nou vyole kòmandman a SENYÈ la, e akoz sa nou pa reyisi? Akoz nou te abandone SENYÈ a, Li menm osi te abandone nou.’”


Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?” Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.”


Men yon nonm Bondye te rive kote li e te di: “O Wa, pa kite lame Israël la ale avèk ou, paske SENYÈ a pa avèk Israël, ni avèk okenn nan fis Éphraïm yo.


Men yon pwofèt SENYÈ a ki te rele Oded te la. Li te sòti deyò pou rankontre lame ki te vini Samarie a e li te di yo: “Gade byen, paske SENYÈ a zansèt ou yo te fache avèk Juda, Li te livre yo nan men nou, e nou te touye yo ak gwo laraj ki te rive jis nan syèl la.


Paske tout dye a pèp yo se zidòl, men SENYÈ a te fè syèl yo.


“Rasanble nou e vini. Rapwoche nou ansanm, nou menm, refijye a nasyon yo. Lòt yo pa gen konesans; sila ki pote zidòl an bwa yo toupatou, e ki priye a yon dye ki p ap ka sove yo.


Yo tankou yon bwa palmis ki fòme pa men moun, men yo pa ka pale. Fòk yo pote yo, paske yo pa ka mache! Pa krent yo; paske yo p ap ka fè okenn mal, ni yo p ap ka fè anyen ki bon.”


Se kilès ki pa ta krent Ou, O Wa a nasyon yo? Anverite, se sa Ou merite! Paske pami tout moun saj nan nasyon yo, ak nan tout wayòm yo, nanpwen okenn tankou Ou.


Konsa pale SENYÈ a: “Ki enjistis papa zansèt nou yo te jwenn nan Mwen, pou yo te ale lwen Mwen, pou yo te mache dèyè sa ki vid pou te vin vid yo menm?


Epi Moab va wont pou Kemosch, menm jan lakay Israël te wont pou Béthel, konfyans pa yo.


Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.


Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye.


Li te di: “Nou fin pran dye ke m te fè yo, avèk prèt la e sòti; epi kisa mwen genyen plis ke sa? Kijan nou kab di mwen: ‘Kisa ou genyen?’”


Konsa, pou nou menm, nou p ap fè okenn akò avèk pèp peyi sila yo. Nou va chire lotèl pa yo.’ Men nou pa t obeyi Mwen. Kisa sa ye ke nou fè la a?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite