Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 25:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Alò, lè Amatsia te sòti nan masak Edomit yo, li te pote dye a fis a Séir yo. Li te pozisyone yo tankou dye pa li, pou l bese ba devan yo e te brile lansan a yo menm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Lè Amasya t'ap tounen, apre li fin kraze moun peyi Edon, li pran bondye moun mòn Seyi yo avèk li. Li fè yo tounen bondye pa li. Li sèvi yo, li boule lansan pou yo.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 25:14
12 Referans Kwoze  

Yo te abandone zidòl yo la. Pou sa, David avèk mesye li yo te pote yo ale.


Epi Amatsia te voye mesaje yo kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa a Israël la. Li te di: “Vini, annou parèt fasafas.”


Men sòlda ke Amatsia te voye retounen pou yo pa ale nan batay la avèk li yo, te atake vil a Juda yo, soti Samarie jis rive Beth-Horon. Yo te frape twa-mil nan yo, e te piyaje anpil byen yo.


Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, sepandan, pa avèk tout kè l.


Paske li te fè sakrifis a lòt dye Damas yo ki te bat li yo. Li te di: “Akoz dye a wa Syrie yo te ede yo, mwen va fè sakrifis de yo pou yo kab ede mwen.” Men yo te koze chit li avèk tout Israël.


“Nou pa pou adore dye pa yo, ni sèvi yo, ni fè selon zèv pa yo, men nou va boulvèse yo nèt e nou va kraze pilye sakre pa yo an mòso.


Epi li devni yon bagay pou moun ka brile. Li pran kèk nan li pou l ka chofe e anplis, fè dife pou kwit pen. Anplis li fè yon dye epi l adore l. Li fè li yon imaj taye e li tonbe ba devan l.


Nanpwen moun ki sonje, ni pa gen konesans ni konprann pou l ta di: “Mwen te brile mwatye li nan dife a e anplis, mwen te kwit pen sou chabon li. Mwen boukannen vyann, e mwen manje li. Èske m ap fè rès la vin yon abominasyon? Èske mwen va tonbe ba devan yon bout bwa!”


Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Juda yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te rejte lalwa SENYÈ a, e yo pa t kenbe règleman Li yo; manti yo te koz yo vin egare, dèyè sila menm papa zansèt yo te mache.


“Imaj a dye pa yo, nou va brile yo avèk dife. Nou p ap anvi ni ajan ni lò ki sou yo, ni pran yo pou nou menm, sinon, sa va devni yon pèlen pou nou; paske se yon abominasyon a SENYÈ a, Bondye nou an.


Men se konsa nou va fè yo: nou va chire lotèl yo, kraze pilye sakre yo, koupe an mòso tout poto Ashera yo, e brile imaj taye yo avèk dife.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite