Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 9:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Ann di Bondye mèsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado ki pa gen parèy li!

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Remèsiman pou Bondye, pou don li ki se yon mèvèy nou pa ka menm dekri l!

Gade chapit la Kopi




2 Korent 9:15
23 Referans Kwoze  

Di: “Sove nou, O Bondye a delivrans nou an! Ranmase nou pou sove nou soti nan nasyon yo, pou bay remèsiman a non sen pa W la, pou nou trionfe nan lwanj Ou.”


O bay remèsiman a SENYÈ a. Rele non Li. Fè zèv li yo rekonèt pami pèp yo.


Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans. O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va bay Ou glwa pou tout tan, nèt.


Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo. Bay remèsiman a sen non Li.


Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a, pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,


Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen, pou leve fè monte tout tribi Jacob yo, e restore retay Israël la. Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo, pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”


Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.


“Glwa a Bondye nan pi wo a, e sou latè a, lapè pami lèzòm ki fè L kontan yo.”


Nan menm moman sila a, li te monte, e li te bay glwa a Bondye. Li te kontinye pale de Li a tout sila ki t ap chache redanmsyon Jérusalem nan.


Paske nan plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras.


“Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl.


Men kado gratis la pa sanble avèk transgresyon an. Paske si akoz transgresyon a yon sèl moun, anpil moun te mouri, menm bokou plis ke sa, lagras Bondye, ak kado pa lagras a yon sèl òm, Jésus Kri, vin jistifye anpil moun.


Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.


Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?


Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.


Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote.


Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.


Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay.


Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,


Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.


Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite