Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Korent 10:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Men sa mwen menm Pòl, m'ap mande nou ak dousè ansanm ak bon kè ki sòti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fèmen lè m nan mitan nou, men lè m lwen nou mwen sevè.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Mwen menm Pòl, kèk moun di ki timid lè m nan mitan nou, epi ki sevè lè m lwen, mwen ta vle fè nou yon demand pèsonèl poutèt bonte ak dousè Kris la:

Gade chapit la Kopi




2 Korent 10:1
38 Referans Kwoze  

Paske, yo di: “Lèt li yo lou e dyanm, men prezans pèsonèl li pa enpresyonan ditou, e jan li pale vrèman meprizab.”


Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou.


Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis.


Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.


Si mwen dwe vante tèt mwen, m ap vante tèt mwen de sa ki apatyen a feblès mwen.


Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman.


Mwen, Jean, frè nou, ki patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.


Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan.


malgre pou koz lanmou an, mwen pito sipliye ou—paske mwen se yon moun tankou Paul granmoun lan, e koulye a, osi yon prizonye a Kris Jésus.


Mwen, Paul ekri salitasyon sa a avèk pwòp men m, e sa se mak ki idantifye m nan chak lèt; se konsa ke m ekri.


Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an,


men nou konnen ke se te akoz yon maladi nan kò a ke m te preche levanjil la a nou menm nan premye fwa a.


Pou yon nonm konsa ak eksperyans li yo, mwen va anfle; men pou mwen, mwen p ap anfle, eksepte nan sa ki gade a feblès mwen.


Nan wont mwen, mwen oblije di ke nou te twò fèb pa konparezon. Men nan nenpòt bagay respekte nenpòt lòt moun se plen ak kouraj (mwen pale ak foli), mwen menm, mwen gen kouraj menm jan an.


Nou menm ap gade bagay yo kòmsi, pa deyò. Si nenpòt moun gen konfyans nan tèt li ke li pou Kris, kite li konsidere sa ankò nan lespri li, ke menm jan li nan Kris la nou menm osi, nou nan Li.


Mwen mande ke lè m prezan ke m p ap oblije vin parèt ak menm fòs kouraj la pou mwen ta vin advèsè kèk moun ki konsidere nou tankou moun ki te mache selon lachè.


Konfyans mwen gen nan nou an gran. Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.


Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven.


Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye.


Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo.


Nou se moun fou pou kòz a Kris la, men ou menm, ou saj nan Kris; nou fèb, men ou menm, ou fò; ou menm, ou byen distenge, men nou menm, nou san onè.


Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz gras Bondye ke mwen resevwa a,


Ésaïe, ak kouraj te di: “Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo; Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.”


Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a: “Li te mennen kon yon mouton nan labatwa. Kon yon jenn mouton an silans devan sa k ap taye lenn sou do l, li pa t louvri bouch li.


“Pale a fi Sion an, Men gade, Wa ou ap vin kote ou, dou, e monte sou yon bourik, yon jenn bourik, Pitit a yon bèt ki pote chaj”.


Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.


Nan majeste Ou, Ou va monte nèt an viktwa. Pou koz verite avèk imilite, avèk ladwati, kite men dwat Ou enstwi Ou bagay mèvèy yo.


Kisa nou dezire? Èske mwen dwe vin kote nou avèk yon baton, oswa avèk lanmou avèk lespri jantiyès?


Pou rezon sa a, mwen, Paul prizonye a Kris Jésus a, pou koz a nou, pèp etranje yo,


Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre.


Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.


Mwen, Paul, mwen ap ekri sa avèk pwòp men mwen. Mwen va ranbouse ou li (annou pa menm pale ke ou menm dwe m menm pwòp tèt ou tou.)


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite