Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 8:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Paske sa se pa pou fè lòt yo alèz, pandan nou pote gwo chaj, men pou gen egalite.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Sa pa vle di se pou nou mete tèt nou nan lamizè lè n'ap soulaje lòt moun. Men, se pou tout moun menm jan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Se pa traka n ap chache ba ou pandan n ap chache soulaje lòt moun. Se sèlman yon egalite n ap eseye etabli.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 8:13
5 Referans Kwoze  

Selon vil ke nou va bay soti nan posesyon a fis Israël yo, nou va pran plis nan men pi gran yo, e nou va pran mwens nan men pi piti yo. A tout selon eritaj li ke li resevwa va bay kèk nan vil pa li yo a Levit yo.


Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay,


Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen.


Nan tan prezan sila, abondans nou la pou satisfè bezwen pa yo, pouke abondans pa yo osi kapab vin yon sous pou bezwen pa nou, pouke kapab gen egalite.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite