Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 8:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Paske si nou mete tout kè nou pou nou bay, Bondye ap asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap gade sou sa nou pa genyen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Kèlkeswa kantite nou bay, li akseptab si nou bay li ak tout kè nou epi selon mwayen nou. Pèsòn p ap mande nou pou bay sa nou pa genyen.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 8:12
21 Referans Kwoze  

Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati kay pou non Mwen an, ou te fè byen lè sa te nan kè ou a.


“Pale fis Israël yo pou yo rasanble yon ofrann pou Mwen. Soti nan chak òm ki gen bon kè ou va resevwa yon ofrann.


Tout moun ki te kab fè yon ofrann lò ak bwonz te pote pòsyon ofrann SENYÈ a; epi chak moun ki te posede bwa akasya pou nenpòt travay nan sèvis la te pote li.


Izrayelit yo, tout mesye yo ni fanm ki te gen yon kè ki mennen yo pote nenpòt materyo pou èv, ke SENYÈ a pa Moïse te kòmande yo fè a, te pote yon ofrann bon volonte bay SENYÈ a.


‘Pran pami nou yon ofrann pou SENYÈ a. Nenpòt moun ki gen kè bon volonte, kite li pote kòm ofrann bay SENYÈ a: lò, ajan, ak bwonz,


Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous. Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.


“Menm jan an, sila ki te resevwa de talan yo te vin jwenn de lòt.


“Sila ki te resevwa de talan yo te vini epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak de talan. Ou wè, mwen fè l rapòte de talan anplis.’


“Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.


Men koulye a, fin fè li. Menm jan nou te gen bòn volonte pou fè l la, pou li kapab osi konplete pa kapasite nou.


Paske sa se pa pou fè lòt yo alèz, pandan nou pote gwo chaj, men pou gen egalite.


Epi se pa sèlman sa, men li te osi chwazi pa legliz yo pou vwayaje avèk nou nan zèv lagras sila ke n ap administre pou glwa a Senyè a Li menm, e pou montre bòn volonte nou.


Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa.


Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite