Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 3:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Men, tankou sa ekri nan liv la: Lè yon moun tounen vin jwenn Senyè a, vwal la sòti.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Men chak fwa yon moun vire vin jwenn Senyè a, Senyè a fè vwal la tonbe, jan Bib la di sa te rive ak Moyiz la.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 3:16
13 Referans Kwoze  

Men nenpòt lè Moïse te antre devan SENYÈ a pou pale avèk Li, li te retire vwal la pou jis lè li te sòti. Epi nenpòt lè li te vin sòti, li te pale avèk fis Israël yo sa ke Senyè a te kòmande yo.


Sou mòn sa a, Li va vale nèt kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo.


Nan jou sa a, moun soud yo va tande pawòl a liv la e zye avèg yo va wè sa ki te kon fènwa ak tenèb.


Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a; pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.


“Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li, e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’ paske yo tout va konnen Mwen, soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen va padone inikite yo, e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”


Annou egzamine e sonde wout nou yo pou nou retounen kote SENYÈ a.


Konsa, yo menm tou si yo pa kontinye nan enkwayans yo, y ap grefe ladann ankò. Paske Bondye toujou kapab grefe yo ladann.


Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo.


si nou obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe kòmandman Li yo ak lwa Li yo ki ekri nan liv lalwa sila a, si nou vire vè SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè ak nanm nou.


Lè nou nan gwo pwoblèm e tout bagay sa yo rive nou; nan dènye jou yo, nou va retounen a SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va koute vwa Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite