Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Korent 3:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, gen libète.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Kilès Senyè y'ap pale la a? Se Lespri Bondye a. Kote Lespri Bondye a ye, l'a gen libète.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Senyè a, nan kontèks sa a, se Sentespri a. E lè Lespri Senyè a yon kote, li pote libète.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 3:17
13 Referans Kwoze  

Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a.


Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt.


Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!”


E nou va konnen laverite a, e verite a va fè nou lib.”


Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.


Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.


“Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.


Restore nan mwen lajwa sali Ou a. Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.


Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon akò tounèf, pa selon lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.


Menm jan an osi sa ekri: “Premye lòm nan, Adam, te devni yon nanm vivan.” Dènye Adam an, Jésus Kris, yon lespri ki bay lavi.


Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite