Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 5:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Sèvitè mwen yo va mennen yo desann soti Liban rive kote lanmè a. Mwen va mare yo ansanm pou fè yo rive pa lanmè nan plas kote ou dirije m nan. Nou va kase yo la pou moun ou yo kab pote yo ale. Alò, ou va akonpli volonte m e ou bay manje a tout lakay mwen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Moun pa m yo va pote madriye yo desann sòti peyi Liban jouk bò lanmè. Lè y'a rive la, m'a fè yo mare madriye yo fè rado, y'a pouse yo sou lanmè a rive jouk kote w'a chwazi sou kòt la. Rive la, moun pa m yo va demare madriye yo. Lè sa a, w'a fè moun pa ou yo fè rès travay la. Ou menm, w'a ban m pwovizyon pou moun pa m yo.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 5:9
14 Referans Kwoze  

vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou.


Juda avèk Israël te anpil tankou sab arebò lanmè an kantite; yo t ap manje, bwè, e rejwi.


Konsa, Hiram te bay Salomon tout sa li te vle nan bwa sèd avèk pichpen yo.


Konsa, Hiram te voye kote Salomon e te di: “Mwen te tande sa ke ou voye di mwen an. Mwen va fè sa ke ou vle de bwa sèd avèk pichpen an.


Epi Hiram te voye sèvitè li yo avèk bato yo, moun lanmè ki te konnen afè lanmè, ansanm avèk sèvitè a Salomon yo.


Wa a te fè ajan avèk lò vin an kantite Jérusalem, menm jan avèk wòch, e li te fè bwa sèd vin anpil tankou bwa sikomò nan ba plèn nan.


Nou va koupe nenpòt bwa konstriksyon ke ou bezwen soti nan Liban pou pote ba ou ranje mare ansanm sou lanmè pou rive Japho, pou ou kab pote l monte Jérusalem.”


Konsa, Wa Salomon te vin pi gran pase tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès.


Yo te vèse bay lajan a mason yo avèk chapant yo avèk manje, bagay pou bwè, lwil pou Sidonyen avèk Tiryen yo pou pote bwa sèd sòti Liban pou rive nan lanmè Japho a, selon pèmisyon ke yo te resevwa soti nan Cyrus, wa Perse la.


Men se yon lespri ki nan lòm, e se souf a Toupwisan an ki bay yo bonkonprann.


Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Men gade, mwen te fè sajès vin grandi e ogmante plis pase tout lòt wa ki te sou Jérusalem avan mwen yo. Wi, panse mwen te obsève anpil richès ak sajès avèk konesans.”


“‘“Juda ak peyi Israël te fè komès ak ou. Ak ble ki sòti Minnith, gato, siwo myèl, lwil ak bom, yo te peye pou machandiz ou.”


Alò, Hérode te byen fache avèk moun Tyr ak Sidon yo. Men yo te vin kote l ansanm lè yo te fin fè zanmi avèk Blaste, asistan pèsonèl a wa a, yo t ap fè demann lapè, akoz ke peyi pa yo te resevwa, manje nan men a peyi wa a.


Kite mwen pase, mwen priye Ou, travèse wè bèl peyi ki lòtbò Jourdain an, bèl peyi mòn sa a, avèk Liban.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite