Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 5:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Konsa, Hiram te bay Salomon tout sa li te vle nan bwa sèd avèk pichpen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Se konsa Iram bay Salomon tout madriye sèd ak madriye pichpen li te bezwen.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 5:10
7 Referans Kwoze  

Alò, Hiram, wa a Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd avèk chapant ak mason k ap kraze wòch; epi yo te bati yon kay pou David.


Alò, Hiram, wa Tyr la, te voye sèvitè li yo kote Salomon lè li te tande ke yo te onksyone li wa nan plas a papa li, paske Hiram te konn toujou zanmi David.


Salomon te bay Hiram ven-mil barik nan ble a kòm manje pou lakay li ak ven barik nan lwil bat la. Konsa Salomon te bay Hiram ane pa ane.


Sèvitè mwen yo va mennen yo desann soti Liban rive kote lanmè a. Mwen va mare yo ansanm pou fè yo rive pa lanmè nan plas kote ou dirije m nan. Nou va kase yo la pou moun ou yo kab pote yo ale. Alò, ou va akonpli volonte m e ou bay manje a tout lakay mwen.”


“Anplis, voye ban mwen bwa sèd, bwa sipre, avèk bwa sandal; twòn yo k ap sòti nan Liban, paske mwen konnen ke sèvitè ou yo konnen jan pou yo koupe bwa Liban yo. Èpi anverite, sèvitè mwen yo va travay avèk sèvitè pa w yo,


Prens a Tsoan yo pa plis ke moun fou. Konseye a pi saj Farawon yo vin bèt nèt. Kòman nou menm, mesye, nou ka di Farawon: “Mwen se fis a moun saj yo, fis a wa ansyen yo”?


Paske se te lè Israël te fin simen ke Madyanit yo ta vin monte avèk Amalekit yo ak fis yo nan lès pou ale kont yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite