Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 5:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Alò, pou sa, bay lòd pou yo koupe pou mwen sèd Liban e sèvitè mwen yo va la avèk sèvitè pa ou yo, epi mwen va ba ou salè pou sèvitè ou yo selon tout sa ke ou di. Paske ou konnen ke nanpwen pami nou ki konprann kijan pou koupe bwa tankou Sidonyen yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Ou menm, ou pral bay lòd pou yo koupe kèk pye sèd pou mwen nan peyi Liban. Moun pa m yo va travay ansanm ak moun pa ou yo. M'a peye mesye ou yo jan w'a vle l la. Ou konnen pa gen moun nan peyi m ki ka koupe bwa tankou moun Sidon yo.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 5:6
20 Referans Kwoze  

Canaan te vin papa Sidon ki te premye ne a, avèk Heth;


Alò, Salomon te ranmase cha avèk cheval yo. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo avèk wa a nan Jérusalem.


Lè Hiram te tande pawòl a Salomon yo, li te rejwi anpil. Li te di: “Beni se SENYÈ a nan jou sila a, ki te bay a David yon fis ki saj sou gran pèp sa a.”


Li te bati ven koude nan kote dèyè kay la avèk planch sèd soti atè a jis rive nan plafon an. Li te bati yo pou li sou anndan kòm yon sanktyè enteryè, menm kote ki pi sen an.


Sanktyè enteryè a te ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak ven koude nan wotè. Li te kouvri li nèt avèk lò pi. Li te kouvri lotèl la avèk sèd.


ak tout vil depo ke Salomon te genyen yo, menm vil pou cha li ak vil pou chevalye pa li yo avèk tout sa ki te fè Salomon plezi pou bati Jérusalem, nan Liban ak nan tout teritwa a anba règ pa li.


Epi Hiram te voye sèvitè li yo avèk bato yo, moun lanmè ki te konnen afè lanmè, ansanm avèk sèvitè a Salomon yo.


Epi twòn bwa sèd yo te depase kontwòl, paske Sidonyen yo avèk Tyriens yo te mennen gran kantite a twòn bwa sèd yo kote David.


Salomon te vin gen cha avèk chevalye. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo epi ak wa a nan Jérusalem.


Alò, gade byen, mwen va bay a sèvitè ou yo, mesye forè ki koupe bwa konstriksyon yo, ven-mil barik ble kraze ven-mil barik lòj, ven-mil galon diven avèk ven-mil galon lwil.”


“Anplis, voye ban mwen bwa sèd, bwa sipre, avèk bwa sandal; twòn yo k ap sòti nan Liban, paske mwen konnen ke sèvitè ou yo konnen jan pou yo koupe bwa Liban yo. Èpi anverite, sèvitè mwen yo va travay avèk sèvitè pa w yo,


Yo te vèse bay lajan a mason yo avèk chapant yo avèk manje, bagay pou bwè, lwil pou Sidonyen avèk Tiryen yo pou pote bwa sèd sòti Liban pou rive nan lanmè Japho a, selon pèmisyon ke yo te resevwa soti nan Cyrus, wa Perse la.


Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo. Wi, SENYÈ a fann an mòso bwa sèd Liban yo.


Mwen te di yo: “Si sa bon nan zye nou, peye m salè mwen an, men si se pa sa, pa okipe w.” Konsa, yo te peze trant sik ajan kòm salè mwen an.


Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun.


Men a nou chak, gras te vin bay selon mezi don a Kris la.


Anplis, li p ap miltipliye cheval pou pwòp tèt li, ni li p ap fè pèp la retounen an Égypte pou miltipliye cheval; akoz SENYÈ a te di nou: ‘Nou p ap retounen la ankò.’


Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite