Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 5:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Gade byen, “Mwen gen entansyon bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye mwen an, jan SENYÈ a te pale a David la, papa m nan, kon Li te di: ‘Fis ou a, ke mwen va mete sou twòn pa w la, nan plas ou a, li va bati kay la pou non Mwen.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Senyè a te fè David, papa m, pwomès sa a: Se pitit gason ou m'ap mete wa nan plas ou a k'ap bati yon kay pou mwen. Enben, kounyeya, mwen fè lide bati yon kay pou Senyè a, Bondye mwen an.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 5:5
15 Referans Kwoze  

Sepandan, ou p ap bati kay la, men fis ou ki va fèt a ou menm nan, li va bati kay la pou non Mwen.’


Pa koute Ézéchias.’ Paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè nou avèk mwen e sòti vin kote mwen. Manje nou chak nan pwòp chan rezen pa nou, nou chak pye fig mi etranje pa nou e nou chak nan pwòp dlo sitèn pa nou,


Li va bati pou Mwen yon kay e mwen va etabli twòn li jis pou tout tan.


Li va bati yon kay pou non Mwen. Li va fis Mwen e Mwen va papa li. Konsa, mwen va etabli twòn wayòm li sou Israël jis pou tout tan.


Koulye a, reflechi byen, paske SENYÈ a te fin chwazi ou menm pou bati yon kay pou sanktiyè a. Pran kouraj e aji.”


Li te di mwen: ‘Fis ou a, Salomon, se li menm ki va bati kay Mwen an, ak tout lakou li yo; paske Mwen te chwazi Li pou devni yon fis pou Mwen e Mwen va yon papa pou li.


“‘Se konsa ke nou va obsève règleman Mwen yo e kenbe jijman Mwen yo, pou akonpli yo, pou nou kapab viv an sekirite sou tè a.


“‘Konsa, tè a va donnen pwodwi li pou nou kapab manje vant plen, e viv an sekirite sou tè a.’”


Men yo va fè chak moun chita anba chan rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo. Pèsòn p ap fè yo pè: paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.


Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: ‘nou chak va envite vwazen nou yo pou vin chita anba pye rezen an ak anba pye fig pa nou.’”


Konsa, Israël viv ansekirite, sous Jacob ki mete apa a, nan yon peyi sereyal avèk diven nèf. Wi, syèl Li yo vin degoute lawouze a.


Konsa, tout fis Israël yo depi Dan jis rive Beer-Schéba, menm avèk peyi Galaad la te sòti e kongregasyon an te rasanble kòm yon sèl òm a SENYÈ a nan Mitspa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite