Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 20:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Epi wa Israël la te rele tout ansyen peyi a e te di: “Souple, gade byen jan mesye sila a ap chache pwoblèm. Li te voye kote mwen pou madanm mwen avèk pitit mwen yo ak ajan mwen avèk lò mwen, epi mwen pa t refize li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Wa Akab fè rele tout chèf fanmi ki nan peyi a, li di yo: — Jan nou wè l' la, nonm sa a soti pou li pran tou sa nou genyen. Li voye mande mwen madanm mwen yo, pitit gason mwen yo ak tout bagay lò, bagay lajan mwen genyen. Mwen pa refize li anyen.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 20:7
18 Referans Kwoze  

men vè lè sa a demen mwen va voye sèvitè mwen yo kote ou. Yo va chache fouye tout lakay ou avèk lakay sèvitè ou yo, epi nenpòt sa ki gen valè nan zye ou, y ap pran nan men yo pou pote ale.”’”


Tout ansyen yo avèk tout pèp la te di li: “Pa koute l ni vin dakò avè l.”


Konsa, li te ekri lèt nan non Achab e te sele yo avèk so pa li pou te voye yo bay ansyen yo avèk prens ki te rete avèk Naboth nan vil pa li a.


Alò, Salomon te rasanble ansyen Israël yo avèk tout tèt a tribi yo, chèf a fanmi zansèt a fis Israël yo, kote Wa Salomon Jérusalem, pou mennen fè montelach akò SENYÈ a soti nan lavil David ki Sion an.


Lè wa Israël la te li lèt sa a, li te chire rad li. Li te di: “Èske se Bondye mwen ye, pou m kab touye e fè viv, pou nonm sa ta voye kote mwen pou geri yon mesye ki gen lalèp? Men gade byen kijan l ap chache yon kont avè m.”


Alò, David te fè konsèy ansanm avèk kapitèn a dè milye a dè santèn, menm avèk chak chèf.


Alò, David te rasanble nan Jérusalem tout ofisye Israël yo, chèf a tribi yo, kòmandan a divizyon ki te sèvi wa yo, kòmandan a dè milye yo avèk kòmandan a dè santèn yo, sipèvizè a tout teren avèk bèt ki te apatyen a wa a, avèk fis li yo, avèk ofisye yo ak mesye pwisan yo, menm tout mesye gwo kouraj yo.


Yo plante mal la, e yo rekòlte inikite; epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”


ka p fè manèv mechan nan kè yo. Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.


Sou kabann li, li fè plan mechan; Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen; Li pa rayi mal.


Pou jiskilè, nou va atake yon nonm? Alò, èske nou ta touye li, nou tout, tankou yon miray k ap panche? Tankou yon kloti k ap kraze?


Gade byen, l ap lite nan mechanste. Wi, li plante jèm mechanste a, epi li vin bay nesans a tout sa ki fo.


Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe; men ak anpil konseye, gen viktwa.


Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye; men sila ki chache mal la, se mal la k ap vin jwenn li.


paske panse yo fòmante vyolans e lèv yo pale inikite.


ki avèk pèvèsite nan kè l fè tout tan sa ki mal, ki gaye konfli.


Selon toulède wa sa yo, kè yo apiye vè fè mal. Yo va pale manti youn ak lòt sou menm tab, men sa p ap reyisi, paske fen an toujou gen pou vini nan lè apwente a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite