Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 20:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, Ben-Hadad, wa Syrie a, te ranmase tout lame li a. Te gen trann-de wa avèk li, avèk cheval ak cha. Li te monte fè syèj sou Samarie e li te goumen kont li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Bennadad, wa peyi Siri a, reyini tout lame li a. Trannde lòt wa, avèk tout chwal yo ak cha lagè yo, vin mete tèt ansanm avè l. Bennadad mache sou lavil Samari. Li sènen l, li atake l.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 20:1
28 Referans Kwoze  

Asa te pran tout ajan avèk lò ki te rete nan trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a e li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Epi Wa Asa te voye yo bay Ben-Hadad, fis Thabrimmon an, fis a Hezjon an, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di:


Konsa, Ben-Hadad te koute Wa Asa e te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, li te bat yo e pran Ijjon, Dan, Abel-Beth-Maaca, tout Kinneroth la ak tout teritwa Nephtali a.


Li te achte ti mòn Samarie a nan men Schémer pou de talan ajan; epi li te bati sou ti mòn nan e li te rele vil ke li te bati a Samarie menm non a Schémer, mèt a ti mòn nan.


Yo te sòti a midi, pandan Ben-Hadad t ap bwè jiskaske li sou nan tonèl pwovizwa avèk trann-de wa ki te ede li yo.


Li te voye mesaje yo lavil Achab, wa Israël la, e yo te di li: “Konsa pale Ben-Hadad;


Fè bagay sa a: retire chak wa sou plas yo e ranplase yo avèk kapitèn nan plas yo,


Alò, wa Syrie a te kòmande trann-de kapitèn a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men sèlman avèk wa Israël la.”


Alò, wa Syrie a te fè lagè kont Israël, epi li te konsilte avèk sèvitè li yo. Li te di: “Antre tèl kote ak tèl kote, ki kote nou va fè kan an.”


Pandan li t ap pale wa a ki jan li te restore lavi a sila ki te mouri an, men vwala, fanm a fis ke li te resisite a, te fè demann nan pou afè chan pa li a. Epi Guéhazi te di: “Mèt mwen, wa a, sa se fanm nan e sa se fis li a, ke Elisée te restore lavi a.”


“Artaxerxès, wadèwa yo, a Esdras, prèt la, skrib lalwa Bondye Syèl la, lapè pafè. Depi koulye a,


Epi li te pran sis-san cha byen chwazi, ansanm ak tout lòt cha an Égypte yo avèk gwo chèf sou yo tout.


Paske li di: “Èske tout prens mwen yo pa wa yo?


Ak sèvitè ou yo, ou te meprize SENYÈ a! Ou te di: ‘Ak tout cha mwen yo, mwen te monte sou wotè a mòn yo, kote pi izole nan Liban yo. Epi mwen va koupe bwa sèd li yo ak tout bwa pichpen pi bèl yo. Mwen va monte kote tèt mòn pi wo li a, nan forè pi bèl li yo.


Mwen va mete dife nan miray Damas lan e li va devore tou bèl palè Ben-hadad yo.


“Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va mennen sou Tyr soti nan nò Nebucadnetsar, wa Babylone nan, wadèwa a, ak cheval, cha, kavalye ak yon gwo lame.


Ou menm, O wa, ou se wadèwa yo, a sila Bondye syèl la te bay wayòm nan, pouvwa, pwisans ak glwa a.


Osi, Mwen va mennen sou nou yon nepe ki va egzekite vanjans pou akò a. Lè nou reyini ansanm nan vil nou yo, Mwen va voye epidemi sou nou, pou nou vin livre nan men lènmi nou yo.


Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.


“Lè nou ale fè batay kont lènmi nou yo, nou wè cheval avèk cha ak pèp ki plis pase nou, pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Égypte la, avèk nou.


Yo va mete syèj sou nou nan tout vil nou yo jiskaske miray wo byen fòtifye nan sila nou te mete konfyans nou yo tonbe atravè peyi nou an. Yo va fè syèj sou nou nan vil nou yo nan tout peyi ke SENYÈ a te bannou an.


Adoni Bézek te di: “Swasann-dis wa avèk pous avèk gwo zòtèy koupe te konn ranmase manje anba tab mwen. Jan ke m te konn fè a, konsa Bondye te rekonpanse mwen.” Konsa, yo te mennen li Jérusalem e la, li te mouri.


Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan.


Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite