Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 19:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Konsa, li te retounen soti swiv li, li te pran pè bèf la e li te fè sakrifis avèk yo, li te bouyi chè avèk dife fèt ak zouti bèf e li te bay a pèp la pou yo te manje. Epi li te leve, li te swiv Élie pou te sèvi li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Elize kite Eli, li tounen tounen l, li pran yon pè bèf, li touye yo. Li pran bwa jouk yo, li limen dife, li kwit vyann lan. Li bay moun ki te avè l yo pou yo manje. Lèfini, li pati al jwenn Eli, li rete avè l.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 19:21
11 Referans Kwoze  

Aravna te di a David: “Kite mèt mwen an, wa a, pran sa li wè ki bon nan zye li, e ofri li. Gade, men bèf pou ofrann brile a, bwa kabwèt yo avèk jouk bèf yo pou bwa dife a.


Li te di a sèvitè li: “Ale monte koulye a, gade bò kote lanmè a.” Konsa, li te monte gade, e te di: “Nanpwen anyen” epi li te di: “Ale retounen” menm sèt fwa.”


Alò, fis a pwofèt ki te Béthel yo te vin sòti kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va pran mèt ou a soti anwo ou jodi a?” Konsa, li te di: “Wi, mwen konnen. Pa pale!”


Men Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a isit la, pou nou kapab fè demann SENYÈ a pa li menm?” Youn nan sèvitè wa yo te reponn. Li te di: “Élisée, fis a Schaphath la, ki te konn vide dlo sou men a Élie yo isit la.”


Alò, Moïse te leve avèk Josué, sèvitè li a, e Moïse te monte nan mòn Bondye a.


Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis Jean te la pou ede yo.


Se sèl Luc ki avè m. Pran Marc e mennen l vini avè w, paske li itil a mwen pou zèv mwen an.


Mwen te pito kenbe l avè m, pou l ta kapab, nan non ou, fè sèvis pou mwen, pandan mwen anprizone pou levanjil la.


Kabwèt la te vini nan chan Josué a, moun Beth-Schémech, e li te kanpe la kote ki te gen yon gwo wòch. Konsa, yo te fann bwa kabwèt la e yo te ofri vach yo kòm ofrann brile a SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite